ENTERÈ POPILÈ3 SOU OKIPASYON AMERIKEN 1915 LA AK KONSEKANS LI JOUNEN JODI A

28 jiyè ane 2015 sa a ap fè 100 lane depi premye okipasyon ameriken an te fèt nan peyi a. Yon okipasyon ki te dire 19 lane: 1915-1934. Okipasyon sa a se te yon tounan nan istwa Ayiti, yon tounan ki te mete peyi a nan wout degrenngole pi rèd anba bòt dominasyon enpeyalis meriken. Jodi a nou gen okazyon reflechi sou li piplis akoz santnè sa a. Pandan n ap reflechi sou li, pandan n ap kondane tout zak dappiyanp, sasinay, represyon, espwatasyon, abi ak enjistis kriminèl okipan meriken yo, li ta bon pou n ta konsidere ki sa ki te fasilite okipasyon an, kouman pourisman fòmasyon sosyal ayisyen an te louvri pòt pou okipasyon an : dan pouri gen fòs sou bannann mi.

28 jiyè 1915, yon detachman anviwon 400 merin meriken (ki te abò yon batiman lagè na bè Pòtoprens lan) debake nan Bizoton epi yo pran kontwòl peyi a. Dapre done nou jwenn nan liv Suzy Castor « L’occupation américaine d’Haïti », lame d Ayiti a te reziste nan kèk grenn kote sèlman. Tout lòt pòs yo te bay legen. An tou, anvayisè yo te kòmanse okipasyon an ak yon fòs 2,200 sòlda. Yo te vin redyi fòs sa a a anviwon mil sòlda pandan pi fò okipasyon an. Yo vin mete sou pye yon jandamri ak anviwon 3 mil sòlda ayisyen anba kòmannman ofisye meriken. Se te jandamri sa a ki te ekzekite okipasyon an.

Se Kako yo, (pi fò ladann se te peyizan pòv ki prèske pat gen zam, sòf manchèt yo) anba kòmannman Chalmay Peral ak Benwa Batravil ki te mennen pi gwo rezistans kont okipasyon an. Menm si te gen rezistans klas ouvriyè a, an patikilye nan chan agwo-endistri konpayi ameriken yo te mete sou pye (Plantasyon Dofen, Shada, Hasco elatriye…) oswa nan waf kote, nan diferan vil ki sou bòdmè yo, yo t ap anbake pwodiksyon an (Pòtoprens, men tou Okap, Gonayiv, SenMak, Jeremi, Okay…); menm si te gen leve kanpe tiboujwazi entelektyèl la tou (prensipalman nan gwo vil yo ak, an patikilye, nan Pòtoprens), vreman vre, se ti peyizan yo ki te piplis leve kanpe kont opkipasyon an. Se poutèt yo t ap pèdi tè yo, men se poutèt tou move tretman yo t ap sibi nan kòve yo te fòse yo fè nan fè wout sitou. Nan Sid peyi a, te gen rezistans ti peyizan Lamontay yo, ak sa nan Machatè… kòm sa yo piplis konnen men te gen rezistans tout kote dominasyon an te kraze zo ti peyizan yo. Kidonk, nan Nò tou, menm jan an, nan Lwès, menm jan an, men se geriya Kako yo, nan Plato Santral ki te prensipal rezistans ti peyizan yo anfas okipasyon an. Zam alamen, li te dire 3 zan. Kòmanse nan lane 1917, li te fini an 1920. Taktik geriya yo se te: mouvman an pèmanans prensipalman nan kanpay yo, chèche pran zam nan men lenmi, atak sipriz kote yo rasanble plis fòs pase lenmi an, defans travayè espwate yo epi tabli bon jan rapò ak popiliasyon lokal yo. Sou yon lòt bò, se te egzekite sòlda meriken yo san gade dèyè epi remete sòlda ayisyen yo an libète… Kako yo te rive mobilize anviwon 5 mil konbatan. Yo te fè plizyè gwo atak pou pran kontwòl kèk vil tankou Ench (1918) ak Pòtoprens (oktòb 1919 ak  janvye 1920).

Premye novanm 1919, gen yon eskadwon 16 jandam ayisyen anba kòmannman sèjan meriken Hanneken ki touye Peral nan zòn Gran Rivyè di Nò, yo ekspoze kò a mare sou yon pòt sou plas katedral nan Okap epi y al antere l nan kan konsantrasyon Chabè a, kote jounen jodi a yo mete zòn franch Karakòl la. Se Jan Batis Konze, yon boujwa pwopriyetè teryen nan zòn lan ki te trayi Peral pou 9,600 dola. Apre lanmò Peral, se Benwa Batravil, ti Benwa, ki te pran direksyon lame Kako a.

Fòs okipasyon yo te pousyiv Kako yo « tankou kochon » (pawòl Smedley Buttler, kòmandan militè merin meriken yo). Pou ranfòse kanpay laterè a kont peyizan yo, Ameriken yo te konstwi teren aterisaj pou avyon ak elikoptè nan Sen Michel, Ench, Mayisad, Tomond ak Mibalè. Mete sou sa, yo te genyen 2 baz idravyon (avyon ki ateri sou lanmè) nan lanmè Bizoton ak Gonayiv. Yon lapli bonm ak dwoum eksplosif atizanal pral tonbe sou milye riral la pou pwovoke laterè nan mitan popilasyon an. Yo touye anviwon 14.000 Ayisyen, pi fò ladann se te peyizan pòv. Gen anviwon 5.500 Ayisyen ki te pèdi lavi yo nan kan konsantrasyon Chabè, bò vil Okap. Sou bò pa yo, dapre chif lame meriken pibliye, geriya Kako a te touye 13 sòlda meriken ak 27 jandam ayisyen.

Chire pit nan mitan klas dominan yo ann Ayiti te febli yo. Men, an gwo, klas dominan yo (boujwa bòdmè (konpradò yo), epi grandon (gwo pwopriyetè tè), te kolabore ak okipan yo. Se menm jan jounen jodi a, klas dominan yo ap kontinye kolabore ak Minista, ansanm ak dominasyon enpeyalis lan. Klas dominan yo te mete tèt yo osèvis okipasyon an, epi yo te chèche pwofite okipasyon an pou espwate mas popilè yo piplis, anba bòt sòlda meriken yo. An 1918, reprezantan klas dominan ayisyen yo nan palman an te vote yon nouvo konstitisyon ki te louvri pòt pou espwopriyasyon 845.000 kawo tè tipeyizan epi piyaj kontra konsesyon konpayi sik-kann, bannan, pit, kawotchou, tren elatriye…

Ki sa ki te pase lame revolisyonè ayisyen an ki te kale pi gwo pisans nan lemonn (Espay, Angletè, Lafrans…) nan yon gè revolisyonè ki te dire 13 lane ? Ki sa ki te pase modòd « libète ou lanmò » an ? Ki sa ki te pase « Ewo 1804 » yo ? Ki sa ki te pase «  Linyon fè lafòs » la ?…  Si nou pa rive konprann kesyon sa yo, nou pap ka konprann 1915. Ni nou pap ka tire leson pou nou konprann sa k ap pase jounen jodi a ann Ayiti.

Pi gwo motè gè revolisyonè 1791-1804 lan se te esklav yo ki t ap goumen pou libere tèt yo anba esklavaj brital rasis kolonyal la. Lit kont esklavaj la, se te kontradiksyon fondamantal lit revolisyonè a. Esklav nan bitasyon yo te konn siviv 4 an edmi sèlman an mwayèn, sitèlman kolon yo te maltrete yo.

Pandan tan  sa a, gwo dirijan revolisyonè yo, gwo jeneral lame Tousen yo, te gen tan pran grad pandan lagè a. Yo te gen tan met men sou yon pakèt tè, yon pakèt gwo bitasyon ansyen kolon ki te dechouke. Yo te gen tan vin fòme yon nouvo klas ki te pran kontwòl lit revolisyonè a. Se pa esklav yo ki te genyen revolisyon 1804 lan. Se nouvo klas dirijan feyodal sa yo ki te genyen revolisyon an. Nan landemen 1804, se nouvo dirijan feyodal sa yo ki te vin pran kontwòl pataj tout byen ansyen kolon yo, epi yo te kenbe pi fò nan byen sa yo pou tèt yo, malgre anpil nan bitasyon sa yo te kraze nan « koupe tèt boule kay » gè lendepandans lan. Nou kapab di: ant leve kanpe 1791 la ak deklarasyon endepandans 1804 la, gen yon deplasman kontradiksyon prensipal “esklavaj” la pou rive piplis nan youn kote kesyon “endepandans” lan vin prensipal. Konsa, nan kad evolisyon sa a, ansyen esklav yo vin tonbe anba dominasyon nouvo grandon sa yo. Sila yo, san gade dèyè, mete sou pye yon sistèm “kaporalis agrè”, kote chèf lame yo te fòse tipeyizan yo ret travay sou bitasyon pa yo, ak yon sistèm dimatye pou espwate epi dominen tipeyizan yo. Ansyen ak nouvo afranchi yo te met ansanm pou dominen tipeyizan yo, pandan pi fò ansyen esklav yo te rete san tè. Lè a, swa yo te pran mòn pou yo, swa yo te rete ap travay sou bitasyon grandon yo, anba yon rejim ki te tèt koupe ak sila epòk esklavaj la, men ak yon ilizyon klas dominan yo te fè yo bwè kote yo te sanse ap travay “pou peyi a”.

Osito nouvo lòd sosyal sa a tabli, motè rezistans kont pisans kolonyal yo te vin tonbe tou : pa t gen esklavaj ankò, kidonk tipeyizan vin pa t nan rezistans ankò (sòf nan goumen kont retablisman lesklavaj). Men, sou yon lòt bò, nan landemen 1804, nouvo klas dirijan feyodal ayisyen yo te vin anfas agresyon, anbago ak pwojè envazyon tout pisans kolonyal enpeyalis yo nan lemonn : Lafrans, Angletè, Lespay, Lalmay, Etazini… Byen vit, nouvo klas feyodal ayisyen sa a te vin transfòme tèt li. Sòti nan revolisyonè nasyonalis, yo vin rantre nan tete lang ak fòs enpeyalis sa yo pou reprann komès entènasyonal la pou yo te ka anrichi tèt yo nan kad menm ansyen modèl komès kolonyal la : eskpòtasyon kafe, sik, digo elatriye… Ki di : danre. Fò n di desizyon sa a te deja pran depi sou Tousen kote, anfas pozisyon Moyiz ki te piplis chita sou viv (pou ‘souverennte alimantè’ popilasyon an) Tousen te li menm wè danre. Yon desizyon kote sistèm kolonyal la te repwodyi tèt li alèz. Se konsa, apre 1804, gwo chèf lame yo vin nan tete lang ak boujwa bòdmè yo, reprezantan enpeyalis yo ann Ayiti. 2 klas sa yo, grandon yo ak konpradò yo, vin chita sou tèt fòmasyon sosyal ayisyen an. Yo vin dirije fòmasyon sosyal ayisyen an nan sans enterè pa yo : espwate peyizan pòv san gade dèyè epi vann peyi a piti piti bay pisans enpeyalis yo pou jwenn ti avantaj nan men yo, jouktan yo vin retounen fòmasyon sosyal la anba dominasyon enpeyalis lan nèt ale.

Nouvo feyodal sa yo te bezwen rekonsilye ak ansyen kolon yo pou fè komès. Yo te bezwen sòti anba anbago a ak danje envazyon. Se konsa, pou yo te jwenn garanti sa yo, an 1825, yo fè bèk atè, kote prezidan Bwaye ansanm ak tout klas dominan yo mete tout fòmasyon sosyal la anba dèt endamnizasyon an (150 milyon fran franse, ki te egal 10 fwa sa tout travayè tout zile a te konn pwodyi chak ane, swa anviwon 20 milya dola vèt jounen jodi a) sipozeman pou dedomaje ansyen mèt esklav yo ki te pèdi bitasyon yo. Natirèlman, antanke dominan, apati kapasite magouy ak represyon yo te genyen, dèt sa a te vin tonbe sou do tipeyizan pwodiktè yo, nan avantaj grandon ak boujwa bòdmè. Konsa tou, dèt sa a vin kofre devlopman ekonomik fòmasyon sosyal la. Chak ane, jouk rive 1947, anviwon yon tyè nan richès tipeyizan ayisyen yo tap pwodyi te ale rejwenn ansyen mèt esklav yo.

Jan nou kapab wè trè klè, se karaktè anti-nasyonal 2 klas dirijan sa yo nan fòmasyon sosyal ayisyen an (grandon ak konpradò yo) ki se rezon fondantal degrenngolad Ayiti depi lendepandans.

Kounye a, lè nou fin klè sou premye responsabilite sa a klas dominan feyodal sa yo genyen nan foure fòmasyon sosyal la nan twou, li enpòtan pou nou gade okipasyon 1915 la.

Pou kòmanse, envazyon ak okipasyon merin meriken yo an 1915 yo te retire fòmasyon sosyal ayisyen anba men enpeyalis franse yo pandan li te foure l anba pye enpeyalis meriken yo. Nan kad pwosesis sa a, nou dwe konsidere 3 nivo : politik (jouk rive militè), ekonomik, ideyolojik. Devlopman istorik dominasyon enpeyalis meriken an se yon pwosesis k ap dewoule depi 1915 pou kontinye jouk jounen jodi a, menm lè li travèse plizyè faz. Jouk jounen jodi a, enpeyalis meriken an se pi gwo pisans k ap peze souse fòmasyon sosyal ayisyen an. Dominasyon enpeyalis meriken an sou fòmasyon sosyal ayisyen an mache kole ak devlopman enpeyalis meriken an kòm pi gwo pisans enpeyalis sou latè.

Politikman, envazyon ak okipasyon fòs militè meriken yo te mete strikti politik Leta ayisyen an sou kontwòl Leta meriken an. Yo te fòme yon jandamri ak sòlda ayisyen anba kòmannman ofisye meriken. Yo te fòse palman ayisyen an adopte yon konvansyon (1916) ak 2 nouvo konstitisyon (1918 ak 1922) ki te bay anvayisè yo plen pouvwa.

Ekonomikman, yo te piye tout resous finansye Leta ayisyen an, an patikilye rezèv lò peyi a. Yo te pran kontwòl bank yo. Yo te pran kontwòl ladwàn lan, kote pifò revni Leta yo te sòti. Yo sèvi ak pouvwa politik yo pou bay kapitalis meriken yo avantaj bab ak moustach vin fè dappiyanp sou tè, resous natirèl, ak fòs travay travayè ayisyen, nan kad tout yon seri kontra konsesyon kado bay yon pakèt konpayi meriken. Tout kontra konsesyon sa yo te vin plonje peyi a anba plis dèt ankò. Yo te vin retounen ak kòve (tankou travo fòse, ki pratikman egal esklavaj) pou fòse tipeyizan yo fè wout pou lame meriken an. Nan nivo komèsyal la, sistèm kapitalis meriken an vin dominan sou tout ekonomi peyi a : pwodyi enpòte nan men konpayi kapitalis meriken vin jwenn pasaj pou yo anvayi peyi a, pandan pi fò pwodyi ekspòte yo vin ekspòte atravè konpayi kapitalis meriken. Yon sistèm neyo-kolonyal rapò komèsyal preferansyèl vin tabli, ak echanj inegal pwodyi ki sòt nan konpayi enpeyalis yo ki vann pou gwo lajan kont matyè premyè ak pwodyi agrikòl, ki achte pou po patat. Tout desizyon sou envèstiman (ki biznis ki ka fonksyone, ki kote kapitalis yo ka jwenn finansman…) vin fèt anba kontwòl epi osèvis sa ki ka pwofite enterè sistèm kapitalis meriken an. Sa vin bay yon modèl devlopman kapitalis sousou, kokobe, rachitik, parazitik, anti-nasyonal, sanginè…

Se rasin sitiyasyon dominasyon ekonomik enpeyalis sa a nou dwe konprann chak fwa n ap mande tèt nou : « Sa k fè yon devlopman kapitalis pa ka pran tout bon nan peyi isit ? Sa k fè nou menm nan mas popilè yo, anba sitiyasyon sa a, nou nan mizè konsa ?» Jounen jodi a, tiboujwa refòmis-opòtinis-popilis yo, ni ann Ayiti ni aletranje, bezwen fè nou konprann yo ka refòme sistèm kapitalis lan pou mete l “sou yon lòt ray”. Men non sèlman pa gen lòt ray, men se yon sèl modèl peze souse ki egziste. Menm anndan fòmasyon sosyal enpeyalis devlope yo tankou Etazini, sistèm sa a chita menm jan an sou espwatsyon, kraze zo ak peze souse ouvriye ak travayè. Ki fè, nou menm ouvriye, nou menm travayè tout kalite, nou menm nan mas popilè yo an jeneral, nou gen yon sèl enterè : kanpe KONT ni kapitalis enpeyalis yo vle foure nan gagann nou, ni kont kapitalism la an li menm.

Ideyolojikman kounye a. Vreman vre, malgre fòs dominasyon kiltirèl enpeyalis franse a atravè wòl lang franse a, sistèm edikasyon an, legliz katolik lan, kilti oksidantal la, medya yo epi tout mès, koutim ak prejije ki te mete enpeyalis franse a nan yon plas dominan ideyolojikman, enpeyalis meriken an te sèvi ak diskriminasyon rasyal pou tabli kontwòl ideyolojik yo sou tèt fòmasyon sosyal ayisyen an. Se konsa yo te mete sistematikman yon seri pratik pou imilye Nwa yo nan fòmasyon sosyal la. Yo te vin tabli yon sistèm segregasyon rasyal sou modèl « Jim Crow » (sa ki te egziste Ozetazini nan epòk la, kote moun nwa pat gen dwa frekante sèten kote ki te rezève pou moun blan sèlman) pou konsolide dominasyon yo. Nan kad alyans yo ak klas dominan aysisyen yo (grandon ak boujwa konpradò yo), yo te tabli diskriminasyon sa a. Sa te bay Milat yo avantaj nan klas dominan yo epi sa te vin ogmante divizyon rasyal nan fòmasyon sosyal ayisen an. Okipan yo te sèvi ak politik rasis sa a pou divize epi dominen klas dominan ayisyen yo pi fasilman.

Sitiyasyon sa a te vin natirèlman favorize devlopman yon reyaksyon: Nwaris lan. Men, angiz reyaksyon sa a fè fas kare ak dominasyon ideyolojik okipan an pou sa l te ye a, oswa anfas kesyon divizyon koulè a an li menm, li vin devlope yon reyaksyon kote grandon feyodal yo kanpe piplis anfas milat konpradò yo pase anfas ideyoloji okipan yo. Se poutèt klas ki te veyikile nwaris lan pa t klas popilè yo vreman (etan done klas popilè yo yo menm yo sibi anba tout dominan sa yo menm jan an, kit li milat kit li nwa). Men apati grandon yo ak tiboujwazi an fòmasyon an, se kouran nwaris la ki vin bay sèten ideyològ jarèt tankou Jean-Price Mars epi politisyen tankou Estime ak Divalye. Jounen jodi a, li vin klè : ideyoloji nwaris sa a ki vin sèvi pou maske rapò dominsayon ak espwatasyon yo nan fòmasyon sosyal ayisyen an, kote ni milat dominan yo ni nwa dominan yo, yon fwa yo fin regle pwoblèm segondè sa a nan mitan yo, toujou fè youn pou espwate ak dominen travayè tout kalite. Konsa tou, san pwoblèm, menm nwaris yo, menm jan milat yo te fè l, vin rantre nan alyans ak enpeyalis yo pou dominen epi espwate mas popilè yo menm jaan an.

Leson pou n tire : klas dominan yo devlope epi rekipere tout kouran rasis yo pou dominen epi espwate mas popilè yo. Vre fòs nou, nou menm nan kan popilè a, se klète nou sou rapò KLAS la kòm pensipal verite, nan kad yon entènasyonalis klas ki voye tout kouran rasis sa yo (ni rasis blan, ni rasis nwa) nan bwat fatra listwa.

Pwojè politik okipasyon meriken an te yon pwojè piyaj ak dominasyon, se pat yon pwojè pou aneksasyon, ni pou asimilasyon fòmasyon sosyal ayisyen an. Se sa k fè onivo ideyolojik, pat gen pratik pou konvèsyon kiltirèl fòmasyon sosyal la. Dominasyon ideyolojik enpeyalis meriken an te annik chapote epi sèvi ak strikti ideyolojik ki te deja egziste yo.

An 1934, apre 19 lane lokipasyon, enpeyalis meriken an te vin retire fòs militè yo nan peyi a. Yo te vin kalkile yo pat bezwen prezans militè sa a ankò pou reyalize dominasyon yo. Okontrè, okipasyon militè dirèk la te pwovoke yon rezistans popilè kont egzaksyon militè yo ki tap grandi nan fòmasyon sosyal la. Sa te kòmanse ba yo twòp pwoblèm, sitou yo te kòmanse wè yo te ka konte sou klas dominan yo globalman, sou politisyen yo te enstale yo, ansanm ak Gad d Ayiti yo t ap kite dèyè yo pou kontwole mas popilè yo, reprime yo chak fwa sa te nesesè epi konsa garanti kontinyasyon espwatasyon yo kòmsadwa.

Li fasil pou nou kapab wè ki jan prensip sa yo ki te fonksyone an 1934 yo pou pèmèt okipasyon an te retire kò l, ki jan se menm prensip sa yo ki ap mete sou pye jounen jodi a.

Se konsa, apre lokipasyon militè yo, enpeyalis meriken yo vin kite tout chapant ekonomik kapitalis kofre-depandan-defòme yo te tabli a. Yo kite tout pwa fòs ideyoloji diskriminasyon rasyal yo, yo kite tout strikti politik leta domine depandan, kofre anba dèt fas a enpeyalis lan, epi yo kite yon Jandamri d Ayiti, ak tout sòlda ak ofisye yo te fòme pandan okipasyon an. Yo tout, sousou enpeyalis meriken an. Tankou jounen jodi a.

Se Jandamri d Ayiti sa a ki vin tounen Lame d Ayiti. Menm jan se li ki se « Polis Nasyonal » la jounen jodi a. Chak fwa, se fòs represif sa a ki la pou garanti pwojè enpeyalis la, pandan klas dominan ekonomik kou politik yo kontinye ap sèvi kòm baz sosyal epi alye politik enpeyalis meriken an, kit an 1915, kit jounen jodi a, an 2015, 100 lane apre !

Se baz dominasyon sa a, a 3 nivo, politik, ekonomik ideyolojik, okipasyon an te rive tabli. Se baz sa a ki vin sèvi pou kontinye penetrasyon ak dominasyon enpeyalis meriken an sou fòmasyon sosyal ayisyen an.

 

Nou pa t ap rete nan tèks sa a sou diferan faz ak peryòd devlopman sa a, dezyèm gè mondyal la ki vin mennen yon nouvo pataj monn lan, « lagè frèt » lan, devlopman yon boujwazi biwokratik (Divalyeris yo, ak apyi lame…) ki vin pran kontwòl politik aparèy Leta a ansanm ak blòk opouvwa a, kòmansman enplemantasyon plan neyoliberal la (plan FMI a), dechoukay boujwazi biwokratik lan, monte popilis-opòtinis lan, koudeta 1991, anbago ak okipasyon MINUAH 1994 lan, pratik pou kraze epi asèvi Leta ayisen an, popilis-opòtinis granmanjè a, tansfòmasyon rapò ant Ayiti ak RD, okipasyon MINUSTAH 2004 lan, goudougoudou a, popilis neyo-divalyeris dwat reyaksyonè a… …  Anpil te ka di, men sa ki pi enpòtan pou nou (nan tèks sa a) se konsidere dominasyon enpeyalis la nan sitiyasyon aktyèl la.

Onivo ekonomik, penetrasyon ak dominasyon enpeyalis lan se youn nan faktè kle nan degradasyon fòmasyon sosyal ayisyen an. Okipasyon 1915-34 la te mete Ayiti anba yon dominasyon neyo-kolonyal ki te kofre devlopman yon kapitalis nasyonal. Jan nou te di l deja, dominasyon enpeyalis lan te met sou pye yon modèl devlopman kapitalis sousou, kokobe, rachitik, parazitik, anti-nasyonal, sanginè. Nan kad fonksyonman « mache lib » kapitalis la, yon envestisè pap envesti nan yon fabrik pat tomat ann Ayiti depi li ka enpòte epi vann pat tomat la san grate tèt pou l fè menm benefis lan.

Se menm lojik sa a ki kofre tout devlopman endistriyèl ann Ayiti, kote antrepriz lokal yo pa ka fonksyone nan konpetisyon ak gwo miltinasyonal enpeyalis yo (oubyen antrepriz dominiken yo !) san Leta a pa pwoteje yo (ak tarif ladwàn, kota kont pwodyi enpòte…) epi sibvansyone yo (egzanpsyon fiskal, egzanpsyon taks ladwàn pou ekipman ak materyo y ap enpòte, finansman ak to enterè redyi…). Se presizeman posiblite pwoteksyon Leta sa yo, plan neyo-liberal la jounen jodi a egzijibleman bloke. Plan neyo-liberal la, (Washington Consensus, plan FMI, CBI, CAFTA-DR, Lwa Hope, Help…) se tout estrikti (kad legal, akò bilateral, trete komèsyal, angajman « ajisteman striktirèl » ak FMI pou prete lajan…) ki favorize gwo chen manje ti chen nan lese frape « mache lib » kapitalis la, anba dominasyon gwo miltinasyonal enpeyalis yo nan peyi isit.

Plan lanmò neyo-liberal la ann aplikasyon sou divès fòm depi ane 1970 yo. Li fonksyone nan rediksyon Leta (rediksyon anplwaye Leta, rediksyon sèvis sosyal Leta yo, privatizasyon antrepriz piblik yo ak sèvis Leta yo…), destabilizasyon monetè (atravè devalyasyon goud la), eliminasyon taks ladwàn, eliminasyon tarif ak kota kont pwodyi etranje, favorize pwodiksyon agrikòl ak min pou ekspòtasyon, favorize devlopman touristik, yon politik pou kenbe salè yo ba (“Avantaj konparatif Ayiti” se “salè mizè ouvriye yo, epi enpinite patwon pou kraze sendika”…). Sou kote tout sa: favorize envestisman etranje nan privatizasyon epi soutretans lan, apati mendèv bon mache a epi sibvansyon fiskal, egzanpsyon taks ladwàn, egzanpsyon fiskal pou antrepriz sa yo pa peye taks ni pa kite anyen nan peyi a elatriye…

Pandan « ajisteman striktirèl » ap mete ann aplikasyon, Plan FMI a te vini ak dòt pwojè pou destriktire epi restirktire ekonomi peyi a selon modèl neyo-liberal la : faktori soutretans, agwo-endistri, estraksyon min, epi devlopman touristik.

Pou rive nan sitiyasyon sa a, pandan tout yon tan yo travay pou destriktire pwodiksyon lokal la. Se konsa enpeyalis yo te vini ak « fyèv pòsin » pou touye tout kochon kreyòl yo. Eliminasyon kochon kreyòl yo te vize destriksyon agrikilti vivriyè peyizan yo paske kochon yo se kanè bank ti peyizan yo. An menm tan tou, pwojè FMI yo te pwomouvwa agwo endistri ak pwojè agrikòl pou ekspòtasyon, fòse tipeyizan achte kochon wòz, manje pou kochon wòz, angrè, semans, ak ensektisid nan men konpayi agrikòl miltinasyonal tankou Mosanto, pou mare yo nan depandans parapò a konpayi sa yo epi fasilite penetrasyon yo nan agrikilti peyi a.

Egal: Plan neyo-liberal la se yon pwogram ki favorize gwo miltinasyonal ak konpayi enpeyalis yo tou sèl. Se yon pwogram ki kofre fòmasyon sosyal domine-depandan yo anba yon modèl devlopman ki totalman osèvis enterè ekonomi peyi enpeyalis yo. Se konsa pwodiksyon agrikòl viv la kraze ann Ayiti pandan Ayiti ap enpòte diri ki sòti Ozetazini. Enpeyalis yo modle ekonomi Ayiti a pou l pwodyi sa yo bezwen pran nan men nou epi pou nou achte sa yo bezwen vann nou.

Kouman èske enpeyalis yo rive fòse rapò ekonomik sa yo ? Ayè se te ak envazyon epi okipasyon. Jounen jodia, anplis menm dominasyon ak okipasyon an, se nan « mache lib » ak presyon andètman Leta ayisyen an (tankou tout lòt fòmasyon sosyal domine depandan yo) nan men gwo enstitisyon finansye entènasyonal yo : FMI, Bank Mondyal, BID (Bank entè-ameriken pou devlopman), USAID elatriye…

Nan yon premye tan apre dezyèm gè mondyal la (1939-45), enpeyalis meriken yo te pouse yon modèl devlopman ekonomik yo te rele « Import substitution industrialization », kote yo te ankouraje Leta nan fòmasyon sosyal domine depandan yo prete lajan nan men FMI osnon Bank Mondyal pou pwojè devlopman endistriyèl ak enfrastrikti (wout, pwojè idwo-elektrik…). An menm tan tou, nan peryòd lagè frèt la, yo te entèvni nan tout peyi kote yo te jwenn yon twou pou foure kò yo, pou enstale yon ekip rejim diktatè « anti-kominis » ki te piye kès leta yo sistematikman. Alèd eleksyon fo mamit, koudeta ak envazyon, enpeyalis meriken yo te entèvni nan pi fò peyi Amerik Latin, ak tout Kiba, Ayiti ak Dominikani, pou enstale kalite rejim otokratik diktatè kowonpi sa yo. Se konsa tout peyi sa yo vin tonbe anba yon seri gwo dèt yo pa ka peye ankò, sa yo rele « dèt odyèz » yo.

Anba presyon dèt sa yo, enpeyalis meriken an (presipalman), vin sèvi ak kontra « ajisteman striktirèl FMI » yo pou fòse gouvènman peyi domine depandan sa yo aplike tout kalite refòm ki mache ak plan neyo-liberal la. Sitèlman gouvènman sa yo pat gen lòt resous finansman, pi fò ladann yo sètoblije bat ba devan egzijans FMI ak Bank Mondyal. Kote yo te tanmen reziste, se lè a yo jwenn koudeta, anbago ak envazyon.

Si nou pran egazanp Ayiti, nou ka wè kouman chema sa a te aplike. Eleksyon bidon pou enstale Divalye, pwomosyon yon ekip pwojè tankou Pelig, wout Dèlma, yon ekip antrepriz endistriyèl Leta tankou ENAOL, Minotri, Siman d Ayiti, Reji taba ak alimèt, Teleco, EDH… Tout sa, se baz enfrastrikti sa a ki te motè andètman peyi a, an menm tan li t ap alimante yon nouvo fraksyon klas nan boujwazi a, boujwazi biwokratik la, ki te chita sou tèt Leta a pou anrichi tèt li nan koripsyon.

Nan yon dezyèm faz aplikasyon chema sa a, boujwazi biwokratik sa a vin an kontradiksyon ak sèten aspè nan plan neyo-liberal la, tankou privatizasyon antrepriz Leta yo (poutèt yo pa t ap gen sous revni sa a yo te konn plimen tèt kale) epi liberalizasyon echanj komèsyal yo, ki di retire taks ladwàn ak kota enpòtasyon pou pwodyi etranje (ki te konn angrese yo). 2 aspè sa yo te atake baz ekonomik boujwazi biwokratik la dirèk dirèk. An menm tan, fayit plan ekonomik koripsyon enstitisyonalize sa a te alimante rezistans ak mekontantman mas popilè yo ki t ap sibi konsekans degradasyon ekonomik sistematik fòmasyon sosyal la. Sou yon lòt bò, tiboujwa (nan bouk yo an patikilye, men nan gwo vil yo tou) te vin bloke nan lespwa yo te genyen pou vin fè pati boujwazi biwokratik sa a, etan done tandans monopolis kapitalism lan te ba yo yon bwa long kenbe. Nan sans sa a, maryaj Janklod ak Michel la te eksprime “rekonsilyasyon” ki t ap opere nan sen klas dominan yo. Kit pou tiboujwazi bloke sa a, men tou kit pou yon sèten fraksyon nan boujwazi liberal lokal la, sitiyasyon an te vin pa posib ankò. Sou bò mas popilè yo, prensipal kote tout sitiyasyon sa a ap peze, se mouri yo t ap mouri jouk pou rive manje chen (!!), tankou sa te fèt nan Gonayiv. Peryòd sa a make fen yon sitiyasyon, pandan li make kòmansman soulèvman kont li a, menm jan an. Se diferan faktè sa yo ki kontribye nan dechoukaj boujwazi biwokratik la nan tèt Leta a, apati 1986.

Plan neyo-liberal la mache ak tablisman yon demokrasi pèpè pou fasilite penetrasyon envestisè kapitalis etranje yo, gwo miltinasyonal yo, nan kad enplemantasyon politik ‘mache lib’ yo a. An menm tan tou, li louvri vant peyi domine yo bay kapital enpeyalis yo. Se konsa, apre dechoukay makout yo sou pouvwa a, enpeyalis yo fè diferan tantativ pou fè kandida pa yo pase nan eleksyon malatchonn.

Depi mitan ane 1980 yo, fòmasyon sosyal la nan yon kriz politik kote ni klas dominan yo, ni enpeyalis yo pa fouti rezoud. Sou yon bò, presyon rezistans ak mekontanman popilè a egzije yon kapasite represyon konstan, sou yon lòt bò, chak fwa yo lanse yon pwojè eleksyon pou rekonstitye Leta ayisyen an, mas yo fware plan enpeyalis yo ak presyon kandida popilis yo. An menm tan, chak gouvènman ki vin sou pouvwa a chèche foure kò yo nan remanbre yon nouvo boujwazi biwokratik, pandan y ap sèvi ak sikyi dwòg ak kontrebann lan pou finanse tèt yo, anplis piyaj kès leta a. Koripsyon ak pratik mafya vin enstitisyonalize nan Leta a.  Pi rèd, ata Minista ak anbasad yo plonje nan koripsyon an tou!

Enpeyalis yo kraze Leta ayisyen an sistematikman. Ak koudeta, piyaj kès Leta a, anbago, envazyon, okipasyon, demantèlman pi fò aparèy represif yo (lame, VSN, kò Leyopa…). Yo ranplase Leta ayisyen an ak ONG epi fòs okipasyon l ONI yo, Minista. Men, la pou la tou… yo pran nan mera. Jan nou tout kapab wè trè klè, yo pa ka jere ni Leta kokobe kowonpi a, ni 10 mil ONG yo ki nan peyi a, ni mafya pwòp yo menm yo vin rantre ladann lan, ale wè kontradiksyon fondamantal ki mete klas dominan yo ansanm ak Leta reyaksyonè yo a anfas mas pèp la…

Vin gen yon kriz politk pèmanan nan fòmasyon sosyal ayisen an ki chita sou sitiyasyon degradasyon baz ekonomik peyi a men ki reflete pwoblèm nan remiz sou pye Leta ayisyen an, nan kad transfòmasyon politik ki nesesè an nan objektif konsolide ak pwofonde fonksyonmamn kapitalis la an li menm. Sou yon bò gen yon sitiyasyon mal pataje lamizè entolerab ki sanble yon barik poud ki pare pou l esploze nenpòt lè. Sou yon lòt bò, a chak fwa gen tantativ sèvi ak eleksyon pou mete yon nouvo gouvènman sou pye, mas popilè yo anvayi pwosesis elektoral lan anfavè kandida popilis yo. Kidonk, enpeyalis yo gen pwoblèm pou rekonstwi Leta ayisyen yo fin kraze a. Sou yon bò fòk yo kenbe kapasite pou reprime mas popilè yo, sou yon lòt bò, fòk yo anpeche fòmasyon yon nouvo boujwazi biwokratik nan Leta a ki ka bloke ajisteman striktirèl ansanm ak “bòn gouvènans” yo anfavè anrichisman tèt pa yo.

Jounen jodi a, enpeyalis yo ap vanse nan yon tantativ pou konstwi yon « sosyete sivil » antanke baz pou tablisman yon demokrasi popetwèl pi stab ann Ayiti. Bank mondyal, USAID, Inyon ewopeyèn, NED (National Endowment for Democracy) elatriye… ap envesti plizyè milya dola nan divès aspè nan pwojè sa a. Se konsa yo vini ak inisyativ pou tabli divès koperativ ak pwojè kominotè nan pwovens yo, yo vini ak pwojè pou met sou pye sendika jòn anba direksyon delege yo nan peyi domine yo (“Sant Solidarite” a, pa egzanp, yon òganism AFL-CIO yon kokennchenn santral jòn nan peyi Etazini, k ap mache sou tout planèt la pou detounen lit klas ouvriyè a, kowonp nati l tout kote). Y ap pwomouvwa tout kalite enstitisyon ak asosyasyon nan « sosyete sivil » lan pou agrandi chapant entèn sistèm dominasyon enpeyalis lan epi pou ba li jarèt. Y ap resikle tout pwojè sa yo nan eleksyon. Kidonk y ap vire wonn pandan y ap pwofonde travay destriksyon yo epi konsa degrenngolad peyi a ap pran vitès…

Pandan tan sa a, kriz ekonomik la ap vin pi pwofon. Vreman vre : fòmasyon sosyal la pa fouti pwodyi manje pou mas pèp la, tout manje ap enpòte, debwazman fin detyi tè yo, pa gen wout, pa gen kouran, manke dlo potab, pa gen sanitasyon, pa gen sèvis sante, travayè pa ka siviv ak salè mizè yo touche a, pandan lavichè ap gonfle pri tout pwodyi premyè nesesite yo. Plan neyo-liberal la pa gen solisyon pou kriz ekonomik sa a. Sistèm kapitalis la pa fouti rezoud pwoblèm debwazman nan peyi a, ni pwoblèm chomaj, grangou, sante, dlo potab, wout elatriye… Pa gen okenn fason pou kapitalis yo fè bè yo nan rezoud pwoblèm sa yo, pandan yo ta ap travay pou rezolisyon pwoblèm ki pi grav yo. Kontradiksyon sa a fè, pi rèd: YO PA GEN SOLISYON! Sèl modòd yo se : « Ouvriye, travayè, mare senti nou pou envestisè etranje vin pwofite sou do nou ! Pa bliye, avantaj konparatif peyi a se mendèv bon mache li a. Pou sa : Salè ba ! Sendika pa ! Afè sosyal pa m ! ». Men tout sa, se byen konte, mal kalkile… Jou va, jou vyen… Sa k ap tann yo nan lanfè yo vle foure nou an, Antwan Langomye pa t ka wè l pou yo.

Tout sa ki dekri la a, pwen depa li se : 1915 ! Apati 1915, nan nivo ekonomik lan, penetrasyon enpeyalis lan nan fòmasyon sosyal ayisyen an se tankou yon kansè, yon lougawou k ap souse tout san, tout mwèl fòs pwodiktif peyi a. Non sèlman depi lè a tout envestisman « nasyonal » bloke (oswa gen anpil difikilte pou grandi vre), men pwodyi etranje blayi toupatou pandan pwodiksyon entèn la ap febli piplis jou an jou. Anplis tablisman yon mòd pwodiksyon kapitalis sousou, rachitik, kokobe, sousè san, nou vin jwenn degradasyon mòd pwodiksyon feyodal akayik la. Mòsèlman tè yo ale jouk tan yo vin tounen mouchwa tè, debwazman, ewozyon tè fètil yo, pwoblèm mank irigasyon, apovrisman tipeyizan yo anba espwatasyon dimwatye jouktan yo pa ka achte ni semans, ni angrè, ni yo pa gen okenn mwayen pou ogmante sa y ap pwodyi… tout pwoblèm sa yo lakoz tè yo pa bay, tipeyizan pèdi tè yo, kite tè yo, ateri lavil, chèche pran kanntè osnon pran wout Dominikani.

Se konsa tou, chak ane vin gen piplis chomè nan peyi a, vin gen piplis moun ki pa ka jwenn travay. Kapitalis yo sèvi ak « rezèv » ouvriye sa yo pou fè presyon pou kenbe salè mizè yo ba nèt.

Jounen jodi a, ekonomi Ayiti chita sou mafya dwòg ak kontrebann, lajan dyaspora a ap voye pou fanmi yo, komès enpò ekspò, salè mizè ouvriye yo touche nan pwodiksyon faktori soutretans yo, lajan ONG yo ap depanse sou tèt yo, lajan Leta ayisyen an jwenn osnon prete nan men peyi etranje yo (BID, USAID, FMI, fon Petwokarayib yo…). Sou kote sa, enpeyalis yo ap pwomouvwa plis faktori soutretans (plis salè mizè), devlopman touristik (konpayi etranje k ap vòlè tè tipeyizan pou konstwi lotèl ak plaj pou touris etranje), agwoendistri (konpayi etranje k ap pwodyi pou ekspòtasyon, tankou mango, vetivè…) epi ekstraksyon minyè (konpayi etranje k ap vòlè tè tipeyizan pou espwate yo epi detwi tè a nan rale tout richès ki ladann). Nou ka wè kouman tout faktè sa yo ale kont tout devlopman « nasyonal » ekonomi peyi a. Tout faktè sa yo kontribye nan kraze ekonomi entèn peyi a.

An menm tan tou, plan enpeyalis yo ap fè fayit. Onivo ekonomik, tout endis devlopman ekonomik yo demontre Ayiti ap fè bak. Gen yon pakèt ekonomis boujwa ki deja demontre lojikman kouman plan osterite yo, plan ajisteman striktirèl yo pap rive debouche sou okenn devlopman ekonomik, menm si nou ta pran l nan sa pwòp yo menm rele « devlopman » an. An reyalite, se poutèt devlopoman ekonomik lan se yon faktè nètman segondè nan plan enpeyalis lan, nan pwojè politik enpeyalis lan. Nou dwe klè sou sa. Kit an 1915, kit kounye a. Aspè prensipal lan se dominasyon politik lan. Ayiti se yon mayon fèb nan chèn dominasyon enpeyalis lan. Pi gwo priyorite pou enpeyalis lan se kenbe Ayiti anba dominasyon yo, anba menm kalite preskripsyon modèl osterite ajisteman striktirèl lan, modèl « avantaj konparatif Ayiti se salè bon mache a », kidonk salè mizè a. Anfèt, priyorite a se mentyen modèl sa a, paske modèl sa a, globalman, se modèl dominasyon enpeyalis lan. Sistèm dominasyon enpeyalis lan pa ka tolere okenn devyasyon. Se sa k fè yo dispoze mobilize fòs militè yo konsa pou fòse remèd chwal sa a nan gagann nou.

Ann pran egzanp miz sou pye pak endistriyèl Karakòl la. Enpeyalis yo (USAID, Depatman deta, Fondasyon Clinton, BID [Bank entè-ameriken pou devlopman]…) « envesti » plis pase $100 milyon dola nan miz sou pye Karakòl, swadizan nan kad « rekonstrikson » apre goudougoudou 2010 lan (Leta ayisyen an te fè jwenn teren an).  Madan Clinton pèsonèlman te sèvi kòm koutye pou rekrite konpayi koreyen an (Sae-A Trading Ltd) pou vin espwate fòs travay ouvriye ayisyen yo. Yo te blije fè yon pakèt pwomès garanti ak avantaj bay konpayi koreyen sa a pou l te asepte pran chans vin tabli ann Ayiti, si tèlman enfrastrikti peyi a (wout, transpò, kouran, dlo…) pa bon, si tèlman gen enstabilite politik. Jiskaprezan, se 4 konpayi sèlman yo jwenn pou Karakòl, malgre « avantaj konparatif » salè mizè a.

Li klè, onivo ekonomik (a kou tèm omwen) $100 milyon dola sa a se pa yon envestisman ki pwofitab ni pou konpayi meriken, ni pou USAID. Men sa ki rete klè se rantablilite mondyal pwojè soutretans lan pou enpeyalis meriken an. Se nan kad sa a « Lwa Hope » te tabli, trete komèsyal tankou CBI ak CAFTA-DR te tabli. Si pwojè 40 pak endistriyèl soutretans lan rive pran pye ann Ayiti, li pral trè pwofitab pou konpayi enpeyalis yo. Men sa pa endispansab, depi gen dòt kote tankou lòt peyi Karayib ak Amerik Santral kote li ka tabli. Enpòtans pak endistriyèl Karakòl lan pou enpeyalis lan se prensipalman poutèt li apiye modèl mondyal soutretans lan, pandan l ap pwomouvwa pwojè soutretans lan ann Ayiti.

Lane 2015 fè 100 an depi premye okipasyon meriken an, an 1915. Nou wè kouman 2015 se pitit 1915. Santnè premye okipasyon an bay anpil moun okazyon pou reflechi sou evolisyon fòmasyon sosyal ayisyen an depi lè a. Nan refleksyon k ap fèt yo, anpil moun ap konpare okipasyon 1915-34 lan ak okipasyon Minista a jounen jodi a. Poutèt okipasyon Minista a fèt ak prezans sòlda etranje, nou jwenn fyèv nasyonalis lan fè anpil moun konfonn okipasyon Minista ak dominasyon enpeyalis la.

Pou pi klè, menm jan retrè fòs okipasyon meriken yo an 1934 pa t siyale fen dominasyon enpeyalis meriken an ditou, se konsa tou, retrè fòs MINUAH yo pa t siyale fen dominasyon enpeyalis lan an 2000. Kidonk, sa valab tou pou prezans Minista a jounen jodi a.

Jounen jodi a, nivo feblisman Leta ayisyen an ak nivo dominasyon enpeyalis la sou fòmasyon sosyal ayisyen an pèmèt okipasyon militè a fèt sou nouvo fòm sa a : okipasyon telegide sòlda l ONI yo. Se yon nouvo fòm ki fleksib anpil : fòs sa yo ka « rantre lò yo vle, kite lò yo vle ». Anplis, yo gen lapolis, yo gen sòlda, yo gen divès branch aparèy represif yo sou tout fòm ak koulè. Yo ka ogmante oubyen redyi chak jan yo vle, nan espas 2-3 jou. Tout desizyon sa yo pran nan Konsèy sekirite l ONI, anba direktiv enpeyalis meriken an. Ki fè, gen diferan faktè a diferan nivo ki dèyè prezans militè sa a. Dechoukay li pral mande nou kenbe kont diferan faktè sa yo, an patikilye n ap gen pou n kenbe kont diferan kontradiksyon k ap travèse sistèm dominasyon enpeyalis lan, diferan kriz k ap souke sistèm sa a.

Nan kad feblisman aktyèl Leta ayisyen an k ap mache ak yon kwi nan men l pou l jwenn plis pase 60% bidjè l nan men finansman peyi etranje, yon Leta ki pa gen lame, yon Leta ki gen fòs represif li (lapolis, UDMO, CIMO…) anba sipèvizyon dirèk reprezantan enpeyalis yo, yon Leta kote dirijan yo al pran direktiv dirèk dirèk nan bouch anbasad meriken an, yon Leta ki pa ka menm finanse eleksyon pa li, kantite aktyèl sòlda l ONI yo sèlman reprezante yon endis sa enpeyalis yo bezwen nan konjonkti a pou mentyen “lòd” ki di: anpeche koudeta ak soulèvman. Dayè tout moun te ka wè jan Minista a (« Tourista » a) te si tèlman « initil » apre goudougoudou 2010 la, enpeyalis yo te oblije mobilize 20.000 sòlda meriken pou entèvni dirèkteman. Ni yo pa t mande pèsonn pèmisyon pou entèvni.

Kidonk, menm lò nou dwe egzije retrè fòs Minista yo ak tout fòs nou, epi nou dwe leve vwa nou byen wo pou nou fè sa, nou dwe konsyan fòs Minista yo se sèlman twòkèt lan nan chapant dominasyon enpeyalis la. Vre rezistans nou, vre objektif nou, dwe dechoukay total dominasyon enpeyalis lan.

Anfèt, se sèlman yon transfòmasyon radikal Leta ayisyen an ki ka bannou fòs ase pou nou dechouke dominasyon politik ak militè enpeyalis lan sou fòmasyon sosyal ayisyen an. Jounen jodi a, klas dominan yo (gwo pwopriyetè teryen yo, boujwa konpradò yo, boujwazi biwokratik lan) deja montre enkapasite yo pou sòti nan kriz politik lan (dayè, se yon kriz y ap pwofite ladann ann asosye ak enpeyalis lan). Kanta tiboujwazi popilis lan, li deja montre jan li fè fayit, jan enpeyalis lan rive rekipere li akòz nati opòtinis li. Madigra eleksyon 2015 yo montre nou sa pi klè toujou. Chaje ak tiboujwa « pwogresis » ki al foure kò yo nan eleksyon, pou y al rantre nan restriktire Leta a nan objektif tablisman fonksyonman kapitalis la, ak tout angrenaj machin represyon mas popilè yo, vle pa vle.

Nou dwe tire leson apati 25 lane popiplis-opòtinis kote tiboujwazi ayisyen an fin montre sa li vo. Nou pa dwe bliye, se Lavalas ki te louvri pòt bay okipasyon an an 1994 epi yo t ap mande pou fè sa ankò an 2004 tou. Nou dwe vijilan pou nou sèvi ak konsyans anti-enpeyalis nou pou nou delimite tèt nou kont tout kouran tiboujwa ki vle sèvi ak yon nasyonalis fo mamit pou mobilize mas pèp lan dèyè kandida pa yo epi glise tèt yo opouvwa, pou y al remanbre boujwazi biwokratik lan yon lòt fwa ankò epi sèvi penetrasyon enpeyalis la menm jan an toujou.

Devan fayit tout klas oswa fraksyon klas sa yo, nou kapab di : ENTERÈ PEYI A, SE ENTERÈ TRAVAYÈ YO. Sou yon lòt bò, nan kad pwosesis pwoletarizasyon akselere travayè yo ap sibi anba penetrasyon kapital enpeyalis la, klas ouvriyè a ap vin tounen kabann pou tout travayè, pandan se ansanm la atò k ap tounen mèt simityè dominasyon enpeyalis lan. Se sa k fè se sèl yon revolisyon popilè, ak travayè yo kòm poto mitan, anba direksyon klas ouvriyè a, ki ka pote kalite chanjman peyi a bezwen. Pa gen lòt klas ki, nan nati l, gen kapasite reyalize kalite transfòmasyon radikal-total-kapital sa a. Nan lane 1915, klas ouvriyè a te fèk ap pran chè. Reyalite global fòmasyon sosyal la pa t ka pèmèt li, ak konsyans nesesè a, pran direksyon lit yo kòmsadwa. Sou yon lòt bò, te manke yon kowòdinasyon efikas diferan rezistans yo, chak rezistans te reyalize sou bò pa l, bagay ki te rann globalite batay la fèb, pandan kòmandman ameriken an te santralize, estriktire. Anfen, pa t gen nonplis yon nivo  òganizasyon, ak yon liy klè, pou mennen konba a. Aspè sa yo, tach nou se rezoud yo.

Ane sa a, poutèt santnè premye okipasyon an met ansanm ak kouran elektoralis yo, zafè « devlopman nasyonal » vin tounen sou moun ankò nan diskou politik k ap anvayi moun nan laprès. Anpil tiboujwa « pwogresis » rantre ladann ak konviksyon. Nan reyalite a, objektivman, yo vin sèvi pòtpawòl yon ti fraksyon rachitik nan boujwazi lokal la (ansanm ak tiboujwa ki pòtè anbisyon sila yo) ki li menm tou kofre anba dominasyon enpeyalis lan, poutèt y ap pèdi pye anba anvayisman konpayi etranje, anpatikilye konpayi dominiken. Men, fò n klè : anvan tout bagay, kòd lonbrik yo mare ak sistèm kapitalis lan, kidonk, pwoblèm yo gen ak dominasyon enpeyalis lan se yon kontradiksyon segondè. Refòm « nasyonalis » yo pwopoze yo plis sanble yon miraj ki pa gen okenn baz nan reyèl la, se yon platfòm enpeyalis lan ap rive rekipere san pwoblèm menm jan ak tout platfòm sosyal demokrat yo.

Kidonk, tiboujwa pwogresis yo dwe sèvi ak yon konsyans anti-enpeyalis pou aliyen tèt yo ak travayè yo, poto mitan tout sosyete, anba direksyon klas ouvriyè a.

Jounen jodia, se sèl direksyon klas ouviryè a, nan kad yon entènasyonalis pwoletaryen, ki ka pèmèt dechouke dominasyon enpeyalis lan, non sèlman ann Ayiti men toupatou sou latè. Se sèl klas ouvriyè a, nan nivo entènasyonal la, ki gen kapasite pou l fè fas ak sistèm enpeyalis lan epi pou l konstwi yon nouvo monn, san espwatasyon ni dominasyon. Se klas ouvriyè a entènasyonalman ki gen kapasite tire leson lit n ap mennen yo depi plis pase 200 lane, pou n dechouke sistèm enpeyalis-kapitalis lan.

Jounen jodia, se reskonsablite istorik sa a klas ouvriyè a ann Ayiti erite nan men zansèt nou yo. Lavi a sou do nou men lavni a nan men nou. Ansanm ak mas pèp la, laviktwa se pou nou.

Advertisements
This entry was posted in Kreyòl. Bookmark the permalink.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s