“DEVLOPMAN”


Pierre Philippe Rey –
Alianzas de clases

siglo veintiuno de españa editores, sa – 1976

[ Prefas – ekstrè ak adaptasyon ]

Gen yon mo, yon konsèp ideyoloji boujwa a itilize anpil sèjousi, se : “devlopman”. Se youn nan konsèp pi efikas li itilize. Se sa k fè se youn nan pi pèvès yo tou.

Konsèp sa a, lè w pran l pou kò l, li pa vle di anyen. Men lò l mache ak “pòl devlopman”, “peyi devlope”, “peyi sou-devlope”…, li vin gen sans. Menzalò : ki sans ? Ki sans konkrè fòmil “devlopman”, peyi “devlope, sou-devlope”… sa yo genyen?

Nan fon lespri yo, tout moun (menm lè yo pa fin fè l klè nan tèt yo) konnen “devlopman” se volim byen materyèl yon fòmasyon sosyal ap pwodyi, kit byen pou itilizasyon ak echanj, kit enfrasritkti pou pèmèt pwodiksyon byen materyèl sa yo reyalize. Se SA ki se lòn “devlopman” an, se SA ki se karakteristik li, se apati apwòch sa a yo jije, kalkile “nivo devlopaman” yon fòmasyon sosyal an rapò ak lòt, nan yon moman, yon peryòd istorik done.

Menzalò, lè yon moun gen konpreyansyon sa a, lè li itilize konsèp sa a kote “devlopman” egal elajisman volim pwodiksyon byen materyèl yo, sa li pa mansyone (oswa li pa menm konsyan), se lefèt ‘pwodiksyon byen materyèl’ toujou mache ak de relasyon sosyal byen espesifik pou sa ka fèt, kit nan pwodiksyon an menm, kit globalman nan fòmasyon sosyal la. Ki fè, konsèp “devlopman” an toujou mache kole kole ak miz an plas “relasyon sosyal” ki pou pèmèt yon pwodiksyon espesifik fèt, nan ka n ap etidye a : pwodiksyon kapitalis la.

Kidonk, jan nou kapab konprann, se mòd pwodiksyon sa a, mòd pwodiksyon kapitalis la, ki nan kè “devlopman” y ap pale a. Egal, pale sou, oswa kalkile “devlopman” yon fòmasyon sosyal jounen jodi a, se wè nan ki mezi miz an plas “relasyon sosyal kapitalis” yo atenn, nan ki nivo yo rive epi ki kapasite yo genyen pou repwodyi tèt yo, nan kad yon elajisman yo toujou ap planifye.

Kounye a, pami relasyon sosyal nan pwodiksyon kapitalis la, gen youn ki detèmine tout lòt yo, se ekstraksyon plivali a, ekstraksyon plivali boujwa yo fè sou klas ouvriyè a : se espwatasyon an.

Kidonk, anfèt epi finalman, lè y ap pale “devlopman”, kit yo nomen l, kit yo pa nonmen l, kit yo konsyan sou sa, kit yo pa konsyan sou sa, se ekstraksyon plivali a ki se pwen santral kesyon an.

Fòk nou pa gen dout sou sa : boujwazi a pa janm enterese vreman nan “elajisman pwodiksyon materyèl la”, kit nan peyi “devlope”, kit nan peyi “sou-devlope”, si li pa mache ak elajisman pwodiksyon plivali a. An reyalite, sila a se prensipal ak veritab objektif li. Men boujwazi a pa bezwen bay tèt li pwoblèm : nan sistèm yo a, tout ogmantasyon volim pwodiksyon materyèl la, se, an menm tan, ogmantasyon volim plivali a.

Ata teyori maksis la defòme ak kesyon “devlopman” sa a. Konsa, tèz “devlopman inegal” la, ki eksprime yon lwa dyalektik materyalis, chache fè moun konprann “inegalite devlopman” an baze sou lefèt Kapital la ta genyen yon volonte pèvès : boujwazi a, san yo pa twò byen konnen pouki, ta chwazi “pa devlope” sèten peyi, poutèt tèl oswa tèl rezon (poutèt se te yon revolisyon esklav ki te make endepandans peyi sa a, poutèt se yon ‘peyi Nwa’… ! sa se nou k ajoute l, pou nwaris yo ak mistifikatè envetere yo) ; ki di, nan peyi sa yo, li ta chwazi pa ekstrè plivali !

An reyalite, si nan sèten peyi domine, “devlopman” an pa vanse jan yo ta kwè, jan klas dominan yo, an patikilye boujwazi a, ta espere, se pa poutèt “movèz volonte” kapitalism la : fò n klè, Kapital la (e an patikilye kapital finansye a) pa janm idantifye tèt li ak pyès “peyi”. Depi li gen pou ekspòte tèt li, l ap fè l san gade dèyè. Endistri tekstil la montre nou sa klèman. Kidonk, se pa poutèt li pa ta “vle” devlope nan tèl oswa tèl kote, se pito poutèt gwo rezistans li jwenn.

Tou dabò devan estrikti ekonomik ak sosyal ki te la deja yo. Sila yo, pou yo pa disparèt, ap pote tout kalite rezistans, byen souvan trè vyolan. Men, nan lojik ak nesesite “dominasyon global” la, yo itilize kapasite represyon yo ak mekanism kontwòl yo ki te deja la pou toujou garanti lespwatasyon global klas dominan yo, menm devan kontradiksyon mòd pwodiksyon kapitalis la pote anfas yo ki gen tandans efase yo.

Sou yon lòt bò, mòd pwodiksyon tradisyonèl yo, malgre dominasyon kapitalis la, te toujou ap jwe yon sèten wòl nan pèmèt popilasyon yo siviv anba toumant y ap sibi nan transfòmasyon sa a, kit nan domenn lasante, kit nan sa transmisyon konesans, elatriye…

Devan sitiyasyon global sa a, nan tou 2 sans yo, mòd pwodiksyon kapitalis la oblije genyen sa nou ta ka rele yon “akomodman tanporè” ak mòd pwodiksyon anteryè li jwenn yo.

Anfas tou sa, nan kad peryòd tranzisyon a, rezistans travayè yo nan youn oswa lòt mòd pwodiksyon an prezans yo, konsyaman oswa enkonsyaman, toujou fèt. Pafwa yon mannyè vyolan. Ki ka rive menm mete an danje dominasyon global la, pandan l ap mete an je diferan sistèm k ap dominen l yo. Nan kad rezistans sa a, travayè yo (ankò yon fwa : konsyaman oswa enkonsyaman) jwe ak kontradiksyon nan mitan klas dominan yo nan pwòp enterè lit pa yo, apati leve kanpe yo pete espontaneman men, sitou, nan yon mannyè deplizanpli wo, nan lamezi kote kontradiksyon yo ap vin, nan chak moman istorik, nan chak konjonkti, pi file.

Kidonk gen yon dezyèm rezon ki oblije kapital la volontèman redyi elajisman mòd pwodiksyon li a, se krent pou elajisman sa a pa ta presipite yon revolisyon sosyal kont li.

Tou sa pèmèt nou konprann yon bagay: kapitalism la pa janm ka radikalman eliminen tousyit mòd pwodiksyon ki te la deja yo ni, piplis toujou, relasyon ekspwatasyon ki karakterize mòd pwodiksyon sila yo. Pandan tout yon premye tan, okontrè, se nan avantaj li ranfòse relasyon espwatasyon ki te la deja yo, poutèt se yo k ap pèmèt li tabli kò l pi byen, menm si pi lantman, pandan l ap tou akapare dirèkteman byen mòd pwodiksyon anteryè sa yo pwodyi. Se konsa l ap tou jwenn mendèv rapò dominasyon anteryè yo “libere” nan kad pwosesis transfòmasyon dominasyon a egzije. Mendèv ki, nan lojik evolisyon mòd pwodiksyon yo, vin oblije van fòs travay li bay Kapital la, ki t ap tann li.

Konsa, depi Kapital la bezwen mòd pwodiksyon anteryè yo ansanm ak relasyon pwodiksyon ki karakterize l yo, li pa gen lòt chwa pase konsève yo, ranfòse relasyon lespwatasyon ki tabli la, pandan l ap makonnen kò l ak klas dominan sistèm akayik li vin jwenn la, nan enterè pa l, nan kad transfòmasyon l ap opere a.

*

Sepandan, rive yon dat, mòd pwodiksyon pre-kapitalis yo, nan akayism istorik yo, vin reprezante yon obstak, yon fren pou devlopman kapitalis la. Lè sa a, sila a oblije mache detyi yo yon mannyè pi sèten, pi fèm.

Se moman sa a, globalman, lemonn ap pase jounen jodi a.

*

Ki pozisyon nou devan sitiyasyon sa a?

Pou nou menm, nan tout peyi kote kapitalism la dominan, kit “devlope” kit “sou-devlope”, gen yon sèl tach, se òganize lit pèp yo ak, anvan tout bagay, sila ki opoze l fwontalman fas ak kapitalism la : lit klas ouvriyè a fas ak Kapital la, fas ak boujwazi a.

*

Pou sa, daprezavwa sa nou fenk etidye a, fò n klè sou 2 pwen enpòtan.

Premye a, se ke, wi, nou an favè devlopman fòs pwodiktiv yo ; wi, sètènman, nou an favè devlopman pwodiksyon materyèl la, men nou pa dakò, nou derefize epi nou kont devlopman relasyon sosyal nan pwodiksyon kapitalism la, nou kont devlopman ekstraksyon plivali a, nou KONT lespwatasyon. Se sa k fè nou di gen yon sèl liy politik : prepare epi mete sou pye tout lit posib, nan tout peyi, apati reyalite konkrèt ki egziste chak kote. Sètadi : selon atikilasyon (moman, ritm, presizyon rapò an evolisyon yo…) k ap devlope ant kapitalism dominan an ak mòd pwodiksyon l ap dominen yo.

Sou yon lòt bò, fòk sa fèt nan kad ak nan objektif lite pou abolisyon tout relasyon espwatasyon ki an fonksyonman. Kit sa mòd pwodiksyon kapitalis la vle pote, kit sa mòd pwodiksyon tradisyonèl li dominen yo te deja ap fè anwo travayè yo e ki, jounen jodi a, an bon jan dominan yo te ye e toujou kontinye ye, menm kant yo rive akayik, vin ap gen yon nouvo plas nan devlopman pwosesis n ap pale a. Vreman vre, yo vin ap jwe yon gwo wòl nan dominasyon global la, etan done, jan nou wè, yo vin makonnen ak lespwatasyon kapitalis la menm.

Se pou sa, leve kanpe mas popilè yo an jeneral devan sitiyasyon sa a, se sèl fason pou lit yo pa sèlman anti-kapitalis men anti tout fòm lespwatasyon ak dominasyon. Yon fwa !

Se sa k fè nou di : nan kad penetrasyon l nan milye tradisyonèl yo, Kapital la (enpeyalis kou nasyonal), apati nesesite li genyen pou makonnen ak klas dominan fòm akayik yo pou chita dominasyon l, ap toujou naje, volontèman, nan yon amalgam enfòm, kote li pap janm pwopoze klèman yon reyèl elajisman pwodiksyon materyèl la, yon fran devlopman fòs pwodiktiv yo, kit nan limedya, kit a mwayen tèm, etan done li pa ka efase denkou dominasyon mòd anteryè akayik yo san li pa mete tèt li an danje. Sèl sosyalism la ki natirèlman pwojte pou detyi nan menm mouvman an tou 2 fòm espwatasyon yo, kapab, nan kad pwosesis l ap konstyi a menm, libere fòs pwodiktiv yo, yon mannyè pou l pwojte ak mete sou pye “devlopman pwodiksyon materyèl la” tout bon.

Refleksyon fondamantal sa a mennen nou dirèk dirèk nan dezyèm pwen enpòtan ki rete pou nou dekouvri epi denonse a. Vreman vre, gen yon konsepsyon, yon oryantasyon, yon pozisyon ki vle fè konprann “pwodiksyon materyèl” la, se yon bon bagay answa. Konsa, dapre pozisyon sa a, nan peyi “sou-devlope” yo, gen yon nesesite pou revolisyonè yo “apiye devlopman kapitalis la”, kontribye nan pèmèt li akselere menm, yon fason pou pèmèt klas ouvriyè a devlope, an menm tan ak konsyans jeneral mas yo. Konsa, toujou dapre konsepsyon sa a, se sèl mannyè pou sosyalism la ta “vin posib”.

Pou nou, non sèlman pozisyon sa a danjere, men li mennen nou menm kote ak sa anvan an, etan done li vle fè kwè sipoze “devlopman” kapitalis la pa natirèlman mache ak devlopman pwodiksyon plivali a, devlopman lespwatasyon an ki, li menm, obligatwaman, mache ak konsolidasyon dominasyon Kapital la sou fòmasyon sosyal la an jeneral ak sou klas ouvriyè a an patikilye.

Sou yon lòt bò, menm si nou ta adopte pozisyon sa a, èske chan kontradiksyon k ap vini yo ap favorab pou nou pi devan? Nou kapab di kareman : non ! Okontrè, piplis plivali a, ki di lespwatasyon an, ap ogmante, piplis boujwazi a ap devlope fòs tou, kidonk piplis dominen l ap dominen nou.

Kidonk, pwosè tranzisyon mòd pwodiksyon anteryè yo vè kapitalism la, globalman, poze pwoblematik konplèks sa a ki devan nou : “Nan ki domenn espesifik, ki jan, nan ki ritm, nan ki presizyon ; nan kad ki atikilasyon konkrè diferan mòd pwodiksyon yo ; nan kad ki faz nan pwosesis dominasyon-adaptasyon penetrasyon kapitalism lan twouve l, ki dinamism evolisyon rapò yo ?”. Konsa, n ap kapab wè klèman kouman kontradiksyon ki ekziste ant “nesesite pou mòd pwodiksyon kapitalis la detyi tout mòd pwodiksyon anteryè li jwenn yo” ak “nesesite pou li kenbe mòd pwodiksyon akayik sila yo nan sa yo ka pote pou pwòp tablisman l”, se SA ki se karakteristik fondamantal “SOU-DEVLOPMAN” an.

Pou rive depase blokaj sa a, Travayè domine-espwate yo dwe kapab byen etidye epi byen konnen nan ki faz presi pwosesis devlopman kontradisksyon sa a twouve l, nan chak peyi, nan chak lokalite, pou, apati konesans ak konpreyansyon kòrèk yo ta devlope a, mete sou pye yon estrateji, yon ansanm lit koyeran, yon sistèm alyans kòrèkteman estriktire, dekwa pou kontradiksyon a deplase AN FAVÈ YO e pa an favè espwatè yo.

Advertisements
This entry was posted in Uncategorized. Bookmark the permalink.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s