One Struggle NY

SOU SALÈ

Nan sosyete n ap viv ladann yo, nou menm ouvriye ak travayè, moun kap travay pou patwon, an jeneral nou touche yon salè. Konn gen anpil konfizyon sou kesyon salè. Se pa yon aksidan. Konfizyon sa yo gen yon rezon: an jeneral konfizyon sou salè, se yon bagay kapitalis yo itlize pou esplwate epi domine ouvriye ak travayè pi fasil, pi plis.

Jodi a, n ap fè yon rete sou kesyon salè a dekwa pou nou chache eklèsi kèk nan konfizyon sila yo. Lagè avèti pa touye kokobe. Fòk nou konprann enterè nou pou nou ka defann yo pi byen.

Èske nou pa konn remake jan patwon yo toujou pran prekosyon pou ouvriye ak travayè pa konn salè youn lòt. Yo bezwen fè n konprann se pou nou pa fè jalouzi, konsa si gen youn ki touche plis pase yon lòt k ap fè menm travay la, se pa yon pwoblèm, li pap jwenn lòt ouvriye parèy li k ap fè jalouzi. Men an verite, se pou patwon an li menm pa jwenn pwoblèm nan men ouvriye ak travayè ki gen pi piti salè. Se yon fason pou yo divize nou menm ouvriye ak travayè, pou yo sa esplwate nou pi alèz. Li nan avantaj patwon yo lè nou menm ouvriye nou pa konn salè youn lòt.

An verite, fonnman sistèm kapitalis lan se kesyon sa a menm: kapitalis yo fè ouvriye yo travay, e yo peye ouvriye yo yon salè ki mwens pase sa yo pwodui. Diferans lan se pwofi kapitalis yo tire sou do ouvriye yo, se li yo rele plivali an. Kidonk, pou kapitalis lan fonksyone, fòk boujwa yo, mèt kapital yo, fòk yo woule ouvriye yo nan peye yo mwens pase valè fòs travay yo.

Anfèt, lò nou konsidere senp lojik sila a, nou deja ka konprann kouman sa fè gen tout kantite moun sa a ki chomè. Chomè se ouvriye ak travayè parèy nou ki ap chache travay men ki pa ka jwenn travay. Poukisa?

Pou 2 rezon:

1- Se pa travay nou pa ka travay ki fè nou chomè, se kapitalis yo ki pa ka jwenn yon fason pou yo esplwate nou, pou yo fè yon pwofi sou do nou. Kidonk, kòm se kapitalis yo ki kontwole tout gwo mwayen pwodiksyon yo, nou menm ouvriye ki deposede, nou rejwenn nou atè nan chomeko. Nou deja wè kouman nan yon peyi tankou Ayiti, gen yon bann boujwa ki prefere envesti lajan yo aletranje, kote yo santi kòb yo plis an sekirite. Depi yap rantre kòb yo, yo vag sou mizè chomè. Nou wè menm kesyon sa a isit Ozetazini, kote gen yon bann chomè ki  ap chèche travay, men kapitalis yo prefere kite yo atè paske yo pa ka jwenn yo fason pwofitab pou esplwate yo. Nan lojik kapitalis lan, yon boujwa pap konstwi yon faktori depi l pa ka rantre yon pwofi. Li pa gen okenn enterè fè sa. Menm si faktori sa a ta kapab bay tout chomè travay san li pa fè okenn defisi, depi faktori sa a pa ka fè yon pwofi, yo pap menm konstwi l.

2- Sou yon lòt bò, kapitalis yo bezwen yon kantite chomè paske se chomè sa yo ki kenbe salè yo ba. Si pat gen chomè, ouvriye tap ka pi fasilman egzije ogmantasyon,  e patwon yo tap nan yon move pozisyon. Yo t ap fè konkirans ant yo pou jwenn ouvriye ki dakò travay pou yo, e yo t ap oblije ofri salè ki pi wo pou atire ouvriye yo. Sou yon lòt bò, si gen twòp chomè, manke moun pou achte pwodui yo, kidonk kapitalis yo fè defisi tou. Se sa ki esplike, si nap suiv nouvèl, tanzantan nou tande yon biwo ki rele Federal Reserve nan leta a ap entèvni pou kontwole kantite chomè ki genyen. Yo deklare fòk gen omwen 4% chomè pou ekonomi an fonksyone byen. Se biwo sa a, Federal Reserve, ki fonksyone antanke bank leta a, ki regle to denterè kapitalis yo peye lè y ap prete lajan. Se konsa Federal Reserve lan ka regle to chomaj lan. Lè gen twòp chomè, yo konn bese to enterè a. Lè manke chomè, yo ogmante to enterè yo. Yo fè nou konprann se pou kontwole enflasyon, kou lavi an, men se pou salè yo pa ogmante twòp, pou kapitalis yo ka kenbe to pwofi y ap reyalize sou do ouvriye.

Kapitalis yo bezwen fè nou konprann, lè n ap touche yon salè, se yon bagay ki nòmal. Nenpòt sa n ap touche, se nou ki te dakò pran travay la, pèsòn pat fòse n pran travay sa a. Kidonk, dapre kapitalis yo, pa gen esplwatasyon, se yon dil, yon “echanj lib” ki regle: yo ofri n travay, n aksepte travay la. Men èske se vre? Anfèt, lè n kalkile, nou menm ouvriye ak travayè, nou pa gen lechwa. Nou oblije ap vann fòs travay nou pou defann lavi nou. Se pa nou ki mèt faktori yo. N oblije al chache travay kan menm. Kidonk, n oblije kan menm al bay yon kapitalis esplwate fòs travay nou. Menm endividyèlman, pafwa nou ka gen lechwa al chache travay nan men tèl ou tèl kapitalis men, antanke klas, nou menm ouvriye, toutotan se kapitalis yo ki kontwole mwayen pwodisyon yo, nou pa gen lechwa, se anba men kapitalis yo nou ka jwenn travay.

Nan kondisyon sila a, ki sa ki regle salè yo? Ki sa ki fè, nan yon grenn jounen, yon chèn 40 ouvriye k ap koud rad nan faktori nan pak endistriyèl Pòtoprens gen dwa ap pwodui rad ki pral vann pou 29.000 dola nan magazen Nouyòk, alòske 40 ouvriye sa yo an tou, yo pa menm touche 110 dola US pou jounen travay yo? Sa k pase lòt 28.890 dola yo? Ki sa ki fè, nan peyi isit, Ozetazini, nan debi ane 1900 yo, ouvriye te konn ap travay 14 è d tan pa jou an mwayèn, 6 a 7 jou la semèn, e se tout fanmi ouvriye a ki te konn oblije travay, papa, manman ak pitit, pou yo te ka siviv? Ki sa ki esplike isit, Ozetazini, nan ane 1920 yo, te gen an mwayèn 25.000 ouvriye ki te pèdi lavi yo chak ane nan aksidan travay, 35.000 an 1914? Ki sa ki esplike, an 1995, HH Cutler, yon faktori nan Michigan ki t ap peye ouvriye li an mwayèn $7.40 lè, ka fèmen pòt li, mete tout 2.500 ouvriye sa yo nan chomaj epi al relokalize ann Ayiti, kote li t ap peye ouvriye ayisyen 25ç lè pou menm travay la? Èske gen yon jistis nan kesyon sa yo, jan kapitalis yo vle fè n konprann?

Li ta dwe byen klè pou nou, sa ki regle kesyon salè a, se pa yon kesyon jistis, se yon rapò ant fòs ki depann de rapò ant klas ouvriye a ak klas kapitalis lan a nan yon moman done, ansanm ak rapò fòs klas dominan yo globalman ak klas domine yo.

Sou bò kapitalis yo, depi yo ka peye nou menm ouvriye yon salè ki pi piti, se plis pwofi y ap rantre nan pòch yo. Kidonk patwon yo toujou gen enterè bese salè ouvriye. Sou bò pa nou menm ouvriye, se lè nou prezante tèt nou kolektivman devan patwon yo nou gen plis fòs. Se konsa, sendika se yon fason ouvriye konn òganize tèt yo pou yo reklame dwa yo devan kapitalis yo. Si se pat pou tout yon seri gwo lit sendika yo te mennen isit Ozetazini ak nan lòt gwo peyi kapitalis, nou pa tap rache jounen 8 è d tan travay, ni salè minimòm, ni swen  medikal, ni sekirite sosyal… An fèt, divès dwa sa yo se nan gwo lit nou te rache yo, e sa pa fèt twò lontan. Isit Ozetazini, se sèlman depi an 1938 gouvènman an te pase yon lwa sou salè minimòm, lwa pou entèdi travay timoun, epi lwa sou jounen 8 è d tan travay la, semèn 40 è d tan an. E menm lò yo te pase lwa sa yo, se te yon jan pou kabre lit ouvriye yo alepòk, tèlman lit ouvriye yo te kòmanse militan.

Se konsa kesyon salè  minimòm lan vin yon revandikasyon ki enpòtan pou klas ouvriye a, kote kapitalis yo pa ka legalman peye nou mwens pase salè minimòm lan. Men an plis, se yon fason pou klas ouvriye a nan ansanm li kapab reklame ogmantasyon ak ajisteman salè li pou fè fas ak ogmantasyon kou lavi a. Kidonk, chak fwa leta a ogmante salè minimòm lan, se nou tout ouvriye ki dwe al reklame ogmantasyon salè tou.

Si nou byen konprann kesyon salè a antanke yon lit ant ouvriye ak kapitalis, gen kèk prensip ki dwe gide nou, pou nou konprann si n ap genyen osnon si nap pèdi nan lit sila a.

1-          Tou dabò, fòk nou kalkile salè nou yon fason pou nou ka viv, kidonk kote nou kapab repwodyi tèt nou, nou menm ansanm ak fanmi nou. Se premye prensip la, se li ki pou gide tout batay nou.

2-          Ansyit, depi ogmantasyon salè nou pa matche ak ogmantasyon kou lavi a, kit pri pwodyi premye nesesite yo, kit sa yo rele to enflasyon an, nou mèt konsidere se bese yo bese salè nou. Nou dwe toujou goumen pou ogmantasyon salè nou jwenn yo depase to enflasyon an, san sa se pèdi n ap pèdi, se salè reyèl nou k ap bese, menm si nou jwenn yon ajisteman.

3-          Fòk nou toujou goumen pou ogmantasyon salè nou enkli nenpòt amelyorasyon nan pwodiktivite travay nou. Si n ap pwodui plis, fòk yo peye n plis, e fòk nou goumen pou yo peye n pou tout sa nou pwodui an plis, menm si nou deja konnen kapitalis yo pa vle fè sa.

Alèd 3 prensip sa yo, lè nou gade salè nou nan dènye 30 lane yo, kit se ann Ayiti, kit se isit Ozetazini, nou ka wè salè nou menm ouvriye fè anpil bak.

Isit Ozetazini, an 1977, salè minimòm federal lan te $2.30. Jodi a, salè minimòm federal lan $5.15. Sa fè 10 an depi dènye fwa yo te ajiste salè minimòm federal lan. Men, lè nou konsidere to enflasyon an sèlman, salè minimòm lan an 2007 vo mwens pase salè minimòm lan an 1977. Anfèt, akoz enflasyon, $5.15 an 2007 vo anviwon $1.56 an 1977. Kidonk, isit Ozetazini, dapre statistik Depatman Travay, valè salè minimòm federal lan bese anviwon yon tyè an 30 an. Menm lè nou konsidere dènye ogmantasyon salè minimòm lan ki vote 10 Janvye nan lachanm (sena a poko vote sou kesyon an), kote ane sa a salè minimòm lan sipoze rive $5.85, ane pwochèn li sipoze rive $6.85, e an 2009 li sipoze rive $7.25, ($5.85 – ete 2007, $6.55 – ete 2008, $7.25 – ete 2009) ajisteman salè minimòm federal lan pa koresponn a ogmantasyon kou lavi a. Fòk depi ane sa a, salè minimòm lan ta depase $7.60 pou li ta rive matche salè minimòm reyèl an 1977 lan.

Mèkredi, 24 janvye, deba yo te ret bloke nan sena meriken an sou kesyon salè minimòm lan. Sena a pat rive vote lwa ogmantasyon salè minimòm lan, jan lachanm kongrè meriken an te pase l. Malgre 54 senatè vote anfavè, 43 te vote kont. Se pati repibliken an ki ap fè yon jan pou patwon yo jwenn yon avantaj fiskal apati rediksyon enpo $8 milya pou balanse ogmantsyon salè minimòm travayè yo gen pou jwenn. La ankò, sa montre ki jan leta a toujou ap entèvni pou pwoteje enterè kapitalis yo.

Gen 31 eta sou 50 Ozetazini, kote salè minimòm lan nan eta sa yo deja pi wo pase salè minimòm federal la. Nouyòk se youn ladan yo. Menm nan leta Nouyòk, kote salè minimòm lan $7.15 lè aktyèlman, nou ka wè kouman nou menm ouvriye nou fè bak nan kesyon salè minimòm lan.

Nan 30 dènye lane yo, te gen yon ogmantasyon anviwon 37% nan pwodiktivite travay nou. Sa vle di fòk salè minimòm lan ta ajiste a $10.40 pou li ta konparab a salè minimòm lan an 1977. Malgre sa, jan nou wè, non sèlman salè minimòm reyèl lan bese, men salè reyèl ouvriye yo touche bese nan menm epòk lan. Dapre statistik Labor Research Association, sòti 1977 pou rive 2004, salè reyèl yo Ozetazini bese anviwon 11%. Dapre NY Times 28 Out 2006, sòti 2003 rive 2006, salè reyèl mwayen yo bese 2%.

Nou ka wè kouman enflasyon ap manje salè nou. Menm si nou jwenn ogmantasyon, an mwayèn, ogmantasyon sa yo pa rive matche kou lavi a k ap ogmante. Kidonk nou ka konprann kouman nou menm ouvriye ak travayè isit nou kofre anba bil pi rèd chak ane, malgre Etazini se swadizan peyi ki pi rich sou tè a. Nou blije mande, rich pou ki moun? Kapitalis yo ap vin pi rich, nou menm n ap vin pi pòv.

Poukisa salè reyèl nou ap bese konsa isit Ozetazini?

1- Jan n te deja di l, nivo salè ouvriye yo, se yon kesyon rapò fòs ant klas k ap regle l. Sendika isit yo an chen, an jeneral. Klas ouvriye a pa òganize antanke klas, ni onivo lit ekonomik yo, ni onivo lit politik yo. Se sèlman 12.5% nan travayè Ozetazini ki nan sendika, e pi fò nan sendika sa yo pa konbatif, yo pa demokratik e yo pa mobilize travayè yo nan defann dwa yo. Se yon pakèt gwo bacha k ap negosye dèyè pòt. Onivo politik, klas ouvriye a pa gen pati politik pa li, li pa gen ògàn nan laprès, nan medya ki ap defann pozisyon pa li. Se konsa kapitalis yo ka dòmi sou nou alèz.

2- Kapitalis yo pwofite ogmantasyon nan kantite travayè imigran ki pa gen dokiman pou kenbe salè yo ba. Jounen jodi a, gen plis pase 12 milyon moun Ozetazini ki pa gen papye legal pou travay.

3- Depi nan ane 70 yo, te vin gen yon gwo mouvman delokalizasyon nan plizyè endistri Ozetazini, an patikiliye endistri tekstil ak endistri asanblaj yo nan manifakti. Se konsa yon pakèt antrepriz yo te fèmen pòt yo, mete yon bann ouvriye nan chomaj, epi yo t al relouvri nan lòt peyi kote salè yo pi ba, tankou Ayiti osnon Lachin, osnon tou nan lòt eta Ozetazini, tankou nan sid lan, kote salè yo pi ba tou.

4- Politikman, kapitalis yo te reyisi enplemante politik ki te pi reyaksyonè yo, plan neyoliberal yo isit e aletranje, an jeneral atravè dominans pati repibliken an. Se konsa kapitalis yo vin jwenn avantaj bab e moustach, piyaj agogo nan men plizyè administrasyon, ikonpri administrasyon demokrat yo tankou Clinton. (Avèk gè Irak lan, kesyon sa a pi vizib toujou, kote gen yon bann konpayi petwòl, zam elatriye ki ap pwofite gè Irak lan nèt al kole.)

Pandan nou menm travayè nap vin pi pòv, kapitalis yo ap vin pi rich. Dapre yon rapò Bill Moyers nan pwogram NOW, alòske Ojapon e ann Almay, gwo patwo antrepriz yo touche ant 11 a 12 fwa salè ouvriye yo, isit Ozetazini, gwo patwon antrepriz yo touche plis pase 425 fwa salè ouvriye yo. 20% nan fanmi ki rich yo kontwole 83% nan richès peyi a. Etazini se peyi endistriyalize kote gen pi wo nivo inegalite ant moun ki rich ak moun ki pòv. Gen anviwon 28 milyon moun pòv Ozetazini, 12.5% popilasyon an dapre estatistik US Census Bureau, e depi lan 2000 gen yon tandans akselere ogmantasyon povrete Ozetazini.

An 1994, lòske sou administrasyon Clinton, enpeyalis meriken yo t ap pare kò yo pou al redebake ann Ayiti, apre yo te fin dèyè koudeta 30 sektanm lan, te gen yon seri atik ki te parèt nan NY Times pou prepare opinyon piblik la pou envazyon sila a. Youn nan atik sa yo te montre kouman gen enjistis sosyal ann Ayiti. Li te montre se 5% nan popilasyon Ayiti ki posede plis pase mwatye richès peyi a. Entèvansyon meriken an te sipoze pral mete jistis nan kesyon sa a. Jounen jodi a, nou konnen Ayiti pi mal, men isit Ozetazini, dapre yon rapò Edward Wolff, yon pwofesè syans ekonomik ki  pibliye nan Multinational Monitor an Me 2003, se 5% moun ki pi rich Ozetazini ki posede plis pase mwatye richès peyi a, apepre 60% richès peyi a. Nou ta renmen konnen kiyès peyi ki pral vin debake isit pou rezoud enjistis sa a.

Men jann te di ann Ayiti menm se pi rèd. An 1993, si n te pran 10% moun ki te pi pòv Ozetazini, yo te kan menm pi rich  pase 2/3 rès moun sou latè.

Nou pral gade salè minimòm lan ann Ayiti nan dènye 26 lane yo. Konpare ak Etazini kote salè minimòm lan $5.15 e salè mwayen an apepre $18 lè, se pa tout travayè an Ayiti ki touche salè minimòm lan. Anfèt, anpil travayè nan ti antrepriz, travayè vann jounen andeyò pa menm touche salè minimòm lan. Kidonk salè minimòm lan ann Ayiti bokou plis reprezante yon barèm ki konsène tout ouvriye ak travayè pase isit Ozetazini.

An 1980, sou Janklod, salè minimòm lan ann Ayiti te 13.20 Gd pa jou, swa $2.64 pa jou alepòk, 33¢ lè. Se depi epòk sa a goud lan te kòmanse bese an valè parapò a dola a.

An 1984, sou Janklod, yo vin monte l a $15 Gd, men deja, akoz ogmantasyon kou lavi a, 15 Gd sa a an 1984 te vo sèlman 10.71 Gd an 1980.

An 1991, premye gouvènman Aristid te pwopoze ogmante salè minimòm lan a 25 Gd. Alepòk, se 29 Gd ki t ap koresponn a valè salè minimòm lan an 1980. Malgre salè minimòm 15 Gd lan twe bese prèske mwatye an valè sòti 1980 pou rive 1991, malgre salè minimòm Ayiti te salè ki te pi ba nan tout Amerik yo, USAID te depanse + $26 milyon pou bloke pwojè ogmantasyon salè sa a. $12.7 nan PROMINEX, yon ONG yo te mete sou pye pou pwomosyon enpò ak ekspò. Yo te wè prezève sa yo te rele “avantaj konparatif Ayiti”, sètadi yon mendèv bon mache ki ka travay di. Ki di mendèv bonmache vle di lamizè pou ouvriye, richès pou kapitalis. Sa se modèl devlopman USAID, FMI ak Bank Mondyal, se poto mitan plan neyoliberal la. Anpil moun konn lonje dwèt sou kesyon ogmantasyon salè minimòm lan antanke youn nan faktè ki te dèyè koudeta 29-30 sektanm 1991 lan.

1 jen 1995, apre meriken yo te retounen Aristid, yon dekrè prezidansyèl te monte salè minimòm lan a 36 Gd pa jou. 36 Gd sa a, alepòk te vo 6.75 Gd an 1980. Kidonk, menm apre ogmantasyon sila a. salè minimòm 36 Gd lan te vo apepre mwatye salè minimòm 1980 an. 36 Gd pa jou a te koresponn a 28¢ US alepòk.

7 fevriye 2003, 8 an pare dènye ajisteman an, yon lòt dekrè prezidansyèl Aristid te vin monte salè minimòm lan a 70 Gd pa jou. 70 Gd an 2003 te vo apepre 5.5 Gd an 1980, kidonk menm apre ogmantasyon sa a, salè minimòm lan an 2003 te vo anviwon 40% salè minimòm lan an 1980.

Si nou kalkile yon to enflasyon 15% chak ane, sa vle di sòti 2003 rive jounen jodi a, salè minimòm 70 Gd pa jou an an 2007 vo apepre mwatye valè li an 2003. Kidonk jounen jodi a, salè minimòm ouvriye ayisyen yo touche vo apepre 20% sa yo te konn touche an 1980. An 27 an, salè minimòm lan pèdi 80% nan valè li.

70 Gd pa jou = $1.84 pa jou, = 23¢ US lè. Kouman èske ouvriye kapab siviv ak yon salè ki si tèlman ba?

Malgre sa, ape chak ogmantasyon salè, pi fò nan faktori yo kote ouvriye  ap travay alapyès, sa w fè se li w wè, yo ogmante kota yo. Kidonk, la ankò, yo oblije ouvirye pwodui plis pou yo sa touche ogmantasyon yo. An 1995, nan anpil faktori, kota yo te vin double. Kidonk, rediksyon nan salè minimòm lan ankò pi gran lè nou kalkile ogmantasyon pwodiktivite travay ouvriye yo.

Dapre atik 137 Kòd travay la, leta ayisyen an gen pou ajiste salè minimòm lan chak fwa kou lavi a ogmante 10%. Nou deja wè kouman leta ayisyen an pa rive ranpli reskonsablite l devan ouvriye, menm selon lalwa. Leta a pa respekte lalwa. Boujwa pa respekte lalwa. Boujwa ak grandon jwi enpinite devan lalwa. Dayè se politik vann peyi klas dominan sa yo, politik sousou yo devan plan enpeyalis neyoliberal lan ki mennen Ayiti nan tyouboum kote li ye a, yon peyi k ap fè fayit anba lokipasyon miltinasyonal pandan kals dominan dominiken yo ap anfouraye peyi a anba dominasyon ekonomik yo.

Nou menm ouvriye, travayè, pouki nou di nou gen lespwa limanite a nan men nou?

Se paske se nou menm ouvriye travayè ki pwodui tout richès ki gen sou tè a.

Se nou menm ki premye viktim enjistis, dominasyon ak lesplwatasyon.

Si pou gen jistis nan yon sosyete, fòk jistis la kòmanse nan respekte dwa ouvriye ak travayè. Pa gen dout sou sa.

Se nou menm ouvriye ak travayè, klas moun ki pi domine-espwate yo ki gen plis enterè pou nou kaba ak tout sistèm opresyon, dominasyon ak esplwatsyon sou tè a.

Se nou menm ouvriye ki kapab konstwi yon chèn solidarite ansanm pou regle kesyon sa yo. Antanke ouvriye, nou deja konnen, nan esperyans lavi, nou dwe met ansanm pou defann dwa nou, se ansanm nou fò, se ansanm nou ka genyen batay nou yo. Menm jan an, antanke ouvriye, istorikman nou konprann nesesite met ansanm devan kapitalis yo nan yon faktori, nesesite met ansanm antanke ouvriye nan yon menm endistri, nesesite met ansanm antanke ouvriye nan tout yon sosyete pou soulve nivo lavi tout yon pèp, met ansanm entènasyonalman pou goumen kont tout plan enpeyalis, an patikilye plan mondyalizasyon neyoliberal lamizè a.

 ABA DOMINASYON AK LESPWATASYON!

VIV LIT OUVRIYE YO, TRAVAYÈ YO, ANSANM AK TOUT MAS POPILÈ YO!

Advertisements
This entry was posted in Kreyòl, Minimum Wage, Uncategorized. Bookmark the permalink.