POZISYON KOSIT NAN KONFERANS DE PRÈS 4 DESANM 2013 SOU SALÈ A

Devan ekzaksyon san limit Konsèy Siperyè Salè a remèt ouvriye ak ouvriyèz nan faktori yo nan salè pwatrinè yo fikse pou nou an, Kolektif Sendikal Izin Tekstil (KOSIT) fikse pozisyon l nan yon konferans pou laprès nou bay maten an nan Papda, kote direktè òganizasyon dwa moun sa a, Camille Chalmers, te akonpaye nou tou.
Sou tab la, an reprezantasyon Kosit, te genyen Urbain Garçon (BO) ak St Eloi Dominique (CNOHA).
———————————————————Image
N ap salye tout zanmi laprès ki vin kouvri konferans de près sa a  kote nou vin leve vwa nou sou desizyon Konsèy Siperyè Salè a pran kont travayè peyi Dayiti nan fikse salè minimòm travayè ki nan divès branch aktivite tèlman ba ke tout moun ap mete men nan tèt. Eske konsèy la panse ak jan li fikse salè minimòm travayè yo ant 125 a 300 goud, travayè yo kapab viv avèk li. Si depi 2009, se yon salè minimòm 300 goud ki te aseptab, jodi a, 4 lane apre kòman yon salè ki mwens ke 300 goud ka pèmèt travayè reponn a divès bezwen li yo ?

Nou menm nan Kosit Kolektif Sendikal Izin Tekstil) ki regwoupe 4 òganizasyon sendikal ki nan sektè asanblaj tekstil la, ap pwoteste kont desizyon sila a. Ti pousyè lajan ki mete sou 200 goud la p ap vrèman itil ouvriye yo anyen. Li pa yon salè desan epi li pa kenbe kont valè lajan panye familyal la koute nan peyi a jodia. Li pa kenbe kont jan pri pwodyi de baz yo ap ogmante chak jou pandan goud nou an ap gen mwens valè. Enstiti statistik fenk pibliye endis pri a la konsomasyon an pou mwa oktòb la ki monte a 210,1 %, alòske li te 209,6% nan mwa dawou 2013 la. Kidonk yon ogmantasyon de 2%. Se pri manje, rad, soulye, lwaye kay, dlo ak enèji ki lakòz ogmantasyon nan kou lavi a. Se pouvwa dacha travayè yo k ap kontinye bese. Travayè ayisyen ap touche an goud epi l ap depanse an dola le nou konsidere se yon bann pwodyi ki sòti lòt bò dlo n ap konsome. Eske konsèy la te analize vrèman tout endis makwo ekonomik yo vreman anvan li te pran desizyon li pran sou salè minimòm lan?

Nou konsidere 225 goud la pou sektè tekstil la kòm yon rekil parapò a 2009 akoz valè goud la ki bese anpil. Nou te mande 500 goud, yo bay 225 goud ki pa menm mwatye sa nou te mande a. Se yon ensilt, yon mank dega, yon desizyon kriminèl.  Zafè pou se konpetitivite ki se pi gwo kritè pou yo fikse salè minimòm lan, se yon aberasyon neyoliberal ke nou menm sendikalis nou refize asepte. Se poutèt sa, n ap mande tout ouvriyèz ak ouvriye pou yo rete mobilize sou kesyon an epi pou yo tann modòd nou. Mobilizasyon nou an dwe kontinye. Batay pou  yon salè minimòm aseptab ap  kontinye pi rèd. Gen yon 2e mitan ki gen pou jwe, se negosyasyon ant sendika ak patwon sou pri alapyès la ak tarif pwodiksyon an nan izin yo. San mobilizasyon, patwon yo pral vini ak de pwopozisyon endesan, reprezantan nou yo pap gen pwa nan kad rapò de fòs ki genyen jodia. N ap denonse tou pozisyon ak demach youn nan reprezantan sendikal nan konsèy la ki te bat ba devan pozisyon patwon  faktori soutretans yo. Fas a entranzijans oswa presyon patwon yo, se enterè ouvriye/travayè yo ki pou toujou gide nou. N ap denonse kapitilasyon sa a, kout kouto nan do sa a, sendikalis la bay ouvriye  yo.

Nou menm nan KOSIT, n ap kontinye mobilizasyon tout kote, kit li nan Wanament, kit li Karakòl pou nou tout leve vwa nou kont desizyon 225 goud la. N ap mande tout alye ouvriye yo(etidyan, manb òganizasyon pwogresis ak popilè yo, elatriye kontinye vanse nan mobilizasyon an ak nou. Batay la pa fini. L ap kontinye pi rèd. Ouvriye/ouvriyèz, rete mobilize pou nou fè yo konnen sa nou peze nan jou k ap vini la yo. ABA SALÈ MIZÈ ! ABA LESKLAVAJ DEGIZE NAN IZIN SOUTRETANS YO ! OUVRIYE, OUVRIYÈZ, MAYI NOU NAN SOLÈY, SE NOU KI POU VEYE L ! Ann ranmase fòs pou lit nou pran yon lòt nivo !

Kolektiv Sendikal Izin Tekstil(kositkolektif@hotmail.com) –  3 novanm 2013

Advertisements
This entry was posted in Kreyòl, Minimum Wage and tagged . Bookmark the permalink.