This Week! Cane Cutters of Dominican Republic and Garment Workers of Haiti Meet to Voice Their Demands | Workers Struggle

Source: This Week! Cane Cutters of Dominican Republic and Garment Workers of Haiti Meet to Voice Their Demands | Workers Struggle

Posted in Uncategorized

Aktivite 28 jiyè nan BO

Pou make 100 lane okipasyon ameriken 1915 la, nan Batay Ouvriye, gen divčs
aktivite nou reyalize oswa patisipe nan yo divčs kote sou teritwa a.

Nan Pņtoprens, poutčt ouvriye yo pa gen konje nan dat 28 la menm, se
dimanch 26 nou reyini nan lokal nou an bņ ayewopņ a. La, te gen yon
ekspozisyon nou genyen depi lontan ki te pwopoze pou diferan kamarad yo
vizite. Sa te kreye anpil enterč. Answit, yon konferans deba trč anime te
fčt sou okipasyon 1915 la, rezon nasyonal ak entčnasyonal li epi konsekans
tout kalite li genyen sou lavi peyi a jounen jodi a, an patikilye apati
pozisyon ak enterč klas ouvriyč a. Konferans-deba sa a te chita apati tčks
Enterč Popilč # 3 ki te sikile nan mitan nou an.

Continue reading

Posted in Kreyòl | Leave a comment

28 de julio de los Cortadores de caña en la RD!

Frente a las negociaciones entre gobiernos, engañosas al máximo, sucias;
en lugar de las movilizaciones que se dan en Haití, encabezadas por los
mismos quienes, directamente o no, conscientemente o no botaron del país a
esos camaradas hoy acorrealados

Aquí de nuevo, siempre  LA LUCHA DE LOS CORTADORES DE CAÑA de origen
haitiano en la República Dominicana. Su movilización permanente (ver
fotos) y, más abajo, los resultados logrados y los objetivos todavía en
pié, de los cuales el robo de las autoridades haitianas que se les
quitaron 4,608,000.00 (cuatro millones seis cientos ocho mil) pesos sin
nunca entregarles los papeles de identidad necesarios.

Displaying cañeros.jpg

Continue reading

Posted in Español | Leave a comment

28 juillet des coupeurs de canne en RD!

Face aux négociations inter-gouvernementales, mystificatrices et sordides
; en lieu et place des protestations inter-classistes dirigées par ceux-là
mêmes qui, consciemment ou non, directement ou par sbires interposés, ont
expulsé nos camarades aujourd’hui acculés
Voici à nouveau, toujours  LA LUTTE DES COUPEURS DE CANNE d’origine
haïtienne en République Dominicaine. Leur mobilisation permanente (en
photos annexées), plus bas les résultats récemment atteints et les
objectifs toujours en vigeur, dont, notamment, la restitution des
4,608,000.00 (quatre millions six cent huit mille) pesos empochés par le
gouvernement haïtien sans qu’aucun papier n’ait jamais été remis!
100 ans!  Comme, chez nous, au 28 juillet passé, quand en fait
l’impérialiste américain, par son occupation sanguinaire, décidait des
places dans la production sucrière, où Cuba et la République Dominicaine,
de meilleures infrastructures, accueilleraient la production même tandis
qu’Haïti en fournirait la main-d’oeuvre.
100 ans d’enfer pour ces familles aujourd’hui jetées sur le pavé. Mais qui
se battent! Sans relâche.
Et arrivent à arracher des gains, parfois simples et mais ô combien
importants!

Displaying marcha a la embajada.jpg
—————————————————————————————–

 

Displaying cañeros.jpg

Posted in Français | Leave a comment

ENTERÈ POPILÈ3 SOU OKIPASYON AMERIKEN 1915 LA AK KONSEKANS LI JOUNEN JODI A

28 jiyè ane 2015 sa a ap fè 100 lane depi premye okipasyon ameriken an te fèt nan peyi a. Yon okipasyon ki te dire 19 lane: 1915-1934. Okipasyon sa a se te yon tounan nan istwa Ayiti, yon tounan ki te mete peyi a nan wout degrenngole pi rèd anba bòt dominasyon enpeyalis meriken. Jodi a nou gen okazyon reflechi sou li piplis akoz santnè sa a. Pandan n ap reflechi sou li, pandan n ap kondane tout zak dappiyanp, sasinay, represyon, espwatasyon, abi ak enjistis kriminèl okipan meriken yo, li ta bon pou n ta konsidere ki sa ki te fasilite okipasyon an, kouman pourisman fòmasyon sosyal ayisyen an te louvri pòt pou okipasyon an : dan pouri gen fòs sou bannann mi.

28 jiyè 1915, yon detachman anviwon 400 merin meriken (ki te abò yon batiman lagè na bè Pòtoprens lan) debake nan Bizoton epi yo pran kontwòl peyi a. Dapre done nou jwenn nan liv Suzy Castor « L’occupation américaine d’Haïti », la Continue reading

Posted in Kreyòl | Leave a comment

Foto Mobilizasyon Premye 2015 Okap, Pòtoprens ak Wanament

premyemebo2015


premyemebo20152premyemebo20153

Posted in Uncategorized | Leave a comment

PREMYE ME 2015

AFICH 1-5Depi yon sèten tan deja, chak ane, nan kad konstriksyon mouvman MAS ki nesesè a, se nan diferan kote nan peyi a nan Batay Ouvriye nou komemore PREMYE ME. Ane sa a, Platfòm Sendikal Izin Tekstil – Batay Ouvriye (PLASIT-BO) òganize mobilizasyon yo nan Pòtoprens ak Wanament. Ouvriye Karakòl yo t al patisipe ak kamarad SOKOWA yo nan Wanament. Konsa tou, te gen menm kalite mobilizasyon ki te fèt nan Okap apati apèl Entèsendikal Premye Me Batay Ouvriye (ESPM-BO); tankou chak ane toujou, nan divès vil ak bouk nan Nòdwès (Mòl Sen Nikola, Ans Wouj, Bonbadopolis, Pòdpè ak Janrabèl) mach, rankont entèn, refleksyon, diskisyon fèt. Ane sa a, nan kolaborasyon ak yon òganizasyon anseyan nan Dondon, yon mobilizasyon te òganize la tou.

Tankou chak ane, ENTÈVANSYON global nou an te denonse mistifikasyon gouvènman yo k ap selebre Premye Me tankou yon “fèt” travay ak agrikilti, kote se boujwa ansanm ak Leta reyaksyonè yo ki pran devan, pandan nou konnen trè byen se te yon dat LIT ouvriye KONT patwon ansanm ak Leta reyaksyonè yo a. Ane sa a, Entèvansyon an te tou denonse manèv ak magouy k ap fèt nan kad pwosesis eleksyon enpeyalis yo ansanm ak sousou isit yo vle foure nan gagann nou, pandan li t ap egzije se apati revandikasyon popilè yo, tout kalite mobilizasyon dwe fèt, revandikasyon travayè yo pi presizeman, ak sa klas ouvriyè a an patikilye. Ansanm ak afich ki toujou reprezante pozisyon nou sou kesyon an, ENTÈVANSYON a pibliye ki pi ba a la. Toupatou nou te mobilize, li te distribye menm jan an.

Nan Pòtoprens, youn nan avanse ki reyalize se yon kòmansman INITE ponktyèl ki te atenn ant diferan santral sendikal nan sektè a, menm si li gen limit li toujou nan sans ti diskisyon pou konnen kiyès k ap pran devan, kiyès k ap pale anvan etc… rete pou depase klèman ak seryozite nesesè a. Apa sa, se ak yon tèt ansanm ase byen kowòdone mobilizasyon an te reyalize. Vreman vre, apati konferans pou laprès, apèl ak motivasyon PLASIT te mete sou pye lajman ak nan milye ouvriye a menm, diferan lòt santral sendikal te pote kole nan mobilizasyon an, ak prezans divès nan dirijan yo ansanm ak manm tout kalite, mayo yo, bandwòl yo, pankat yo, san konte ajitasyon yo, chante yo, fòs yo… Sou yon lòt bò, diferan òganizasyon nan katye ansanm ak delege etidyan te la tou ap pote kole nan kad mobilizasyon klas ouvriyè a. Se sa ki pèmèt nou di: nan kapasite li k ap grandi jou an jou, an Ayiti klas ouvriyè a te mobilize, tankou li te fè l nan monn la globalman pou komemore kokennchenn dat sa a. Mobilizasyon sa a vin genyen piplis sans toujou lè nou konnen devyasyon ak mistifikasyon Leta toujou bay dat sa a. Vreman vre, ansanm ak Leta boujwa Etazini a ki pa pèmèt mobilizasyon Premye Me fèt lakay li (sitèlman batay klas ouvriyè sa a te make klas dominan peyi a), Ayiti se sèl peyi ki rive devlope yon atitid sitèlman tèt anba (kesyon selebre premye me antanke fèt boujwa !!!), bagay ki montre ki nivo reyaksyonè ak pèvès Leta sa a rive. Sa bay repiyans.

Se konsa, ane sa a, yon fwa pakou a fini, manifestasyon an rive sou Channmas kote “Fwar”, “Defile mòd”, ansanm ak diksou mistifikatè gouvènman an te pran plas. Se te yon fas a fas. La, yon fwa yo fin travèse kòdon polis la, ouvriye/èz yo rive devan estrad gouvènman an ki, li menm, te toujou ap fè demagoji l yo (remèt “plak d’onè” bay “antreprenè” etc…). Manifestan yo joure, yo reklame “pwomès” gouvènman an te fè yo pou chache foure nan gagann yo salè minimòm pwatrinè 2013 la (pwomès ki pa janm vini), yo chante, yo rele: yo move…! Gouvènman an vin jennen. Men sa pa anpeche yo kontinye demagoji yo ak figi di yo toujou genyen an. “Nou koprann nou! Nou konprann nou trè byen!” diferan ouvriye ak ouvriyèz fè konnen, anvan y al lakay yo…

Nan Okap, pa t gen twòp bagay nouvo. Men, la ankò, se kontinyasyon yon travay alyans nan sen kan pèp la konkrètman – ki di NAN LIT – k ap vanse. Vreman vre, konstriksyon alyans sa a, se otou lit kont kesyon kraze kay la sou wout ayewopò a li te tanmen, anvan li vin ap konkretize l nan diferan aspè nan yon nivo pi politik. Kidonk, se ansanm ak divès òganizasyon katye mobilizasyon sendika yo te mete sou pye. San ensidan, li travèse vil la. Popilasyon an akeyi Entèvansyon an ak anpil kòmantè. Pi fò nan kòmantè yo te konsène blòf ak mistifikasyon tout moun fin wè tankou yon karakteristik gouvènman sa a ki di l ap sèvi pèp, pandan se enterè boujwa, grandon ak granmanjè l ap reprezante vre, anba zòd enpeyalis yo, san gade dèyè.

Nan Dondon, se premye fwa yon mobilizasyon t ap reyalize pou Premye Me. Nan sans sa a, popilasyon an te piplis rete gade ti peyizan diferan kote ozalantou bouk la ki t ap manifeste, ansanm ak anseyan epi kèk elèv ki t ap patisipe. Detèminasyon travayè yo te djanm. Fò n pa bliye se yon bouk kote gen anpil spekilatè kafe, menm si pratik ekonomik sa a ap tonbe an degraba nan kad transfòmasyon global mòd pwodiksyon k ap fèt nan peyi a. Tankou nan divès bouk (Otwou, Sen Michèl, Sen Rafayèl…), Dondon “louvri pou biznis” (fòse), biznis agwo-endistri a nan ka pa yo, youn nan pwojè Plan global espwatasyon enpeyalis la, yon penetrasyon kapital enpeyalis ki deja ap boulvèse rapò pwodiksyon yo nan pwoletarize ti peyizan yo yon mannyè akselere. Fonksyonè leta abolotcho yo, granmanjè tout kalite ak tout nivo, jwe yon gwo wol nan destabilize milye peyizan an, patisipe antanke entèmedyè nan vòlè tè ti peyizan yo epi remèt yo bay konpayi enpeyalis yo (nan objektif pèmèt yo akapare pati nan rant kapitalis ki pral vini a, apati afèmaj tou louvè yo pral siyen ak miltinasyonal sila yo an apre). Nan kad pratik sa a, granmanjè sa yo ansanm ak grandon yo, pase anwo ti peyizan yo apati represyon Polis Nasyonal la ansanm ak Minista ki akonpaye yo, pandan Lajistis ratifye ekzaksyon yo. Travayè Dondon ak ozalantou yo kòmanse santi reyalite sa a k ap vin sou yo. Mobilizasyon yo se yon siyal pou tout ti peyizan tout kote nan peyi a.

Se nan Wanament mobilizasyon ouvriye ak ouvriyèz yo te pi fò. Vreman vre, non sèlman kamarad Karakòl yo te frete machin pou mennen yo nan Wanament kote yon mach te òganize men ouvriye ak ouvriyèz Sokowa yo te an gran nonm tou sou bò pa yo. Sou kote sa, anplis pwòp revandikasyon pa yo, sendikalis yo te pote kèk nan revandikasyon popilasyon a an jeneral, tankou kesyon kouran an, yon revandikasyon ki trè cho nan vil sa a.

Jan entèvansyon pou Premye Me 2015 nou an di l, rete pou diferan nivo kowòdinasyon yo kontinye vanse, nan kad yon konstriksyon kòrèk ak rigè epi detèminasyon nesesè a.

Posted in Uncategorized | Leave a comment